2 Wa 4

4
Elize ak vèv la
1Madanm yonn nan pitit pwofèt yo vin kriye nan pye #Lev 25.39-41; 2 Wa 2.3; Ney 5.5; Mat 18.25 Elize. Li di li:
— Mari mwen, sèvitè ou, mouri. Ou konnen jan li te respekte Bondye. Men koulyeya, yon nonm mari mwen te dwe, li vle sezi de pitit gason mwen yo pou fè yo esklav.
2Elize #1 Wa 17.12 di madanm nan:
— Kisa m'ka fè pou ou? Kisa ou gen nan kay la.
Madanm nan reponn:
— Mèt, sèvant ou pa gen anyen non, esepte yon flakon lwil.
3Elize di li:
— Ale nan vwazinay. Prete valè veso vid ou ka jwenn prete. 4Lèfini, antre andan ak yo ansanm ak de pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Plen veso yo lwil. Chak sa ou fin plen, mete li sou kote.
5Se konsa, madanm nan kite Elize, li tounen al jwenn pitit li lakay li. Li fèmen pòt. Li pran flakon lwil la, li vide plen veso vid yo. Ti mesye li yo t'ap pote veso yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. 6Lè tout veso fin plen nèt, madanm nan mande yonn nan timoun yo si pa gen veso ankò. Li reponn li:
— Pa gen ki vid ankò non.
Lamenm, lwil la rete koule. 7Madanm #1 Sam 9.6 nan al jwenn Elize. Li rakonte li tout bagay. Elize di li:
— Bon, al vann lwil peye dèt ou. Lèfini, w'ap rete lajan pou viv ak pitit ou.
Istwa Elize ak madanm Chounèm la
8Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l pou li vin manje avè l. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l'al manje. 9Yon #2 Wa 1.9 lè, madanm lan di mari l:
— Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye. 10Ann bati yon ti pyès an masonn sou teras anwo a. N'a mete yon kabann, yon chèz, yon tab ak yon lanp ladan l. Konsa, lè l'a vin vizite nou, l'a gen yon kote pou l ka pou kont li.
11Yon jou, Elize te vin lavil Chounèm, li moute nan chanm li, li kouche. 12Li #2 Wa 5.20; 8.4 di Gerazi, domestik li a, rele madanm lan pou li. Gerazi rele madanm lan. Lè madanm lan rive, 13Elize di Gerazi konsa:
— Mande l pou mwen kisa m ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle mal pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li?
Madanm lan reponn:
— Mèsi wi. Mwen gen tou sa m bezwen nan mitan pèp la.
14Elize mande Gerazi:
— Kisa nou ta ka fè pou li en?
Gerazi di li:
— Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l fin granmoun!
15Elize di:
— Rele l pou mwen!
Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la. 16Elize #Jen 17.21; 18.14; 2 Wa 4.28 di li:
— Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou.
Madanm lan di:
— Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m manti.
17Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason.
18Ti gason an grandi. Yon jou ti gason an te al jwenn papa l ki t'ap ranmase rekòt nan jaden l ak kèk lòt moun, 19li #Sòm 121.6 rete konsa, li di papa l:
— Woy! Tèt mwen! Tèt mwen!
Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l konsa:
— Pote ti gason an bay manman l.
20Domestik la pran ti gason an, li pote l bay manman l. Manman an kenbe ti gason an sou janm li. Rive midi, ti gason an mouri. 21Manman an moute avè l nan chanm Elize a. Li mete l kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li sòti. 22Li fè rele mari li, li di l konsa:
— Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M p'ap mize.
23Mari a #Nonb 28.11 mande l:
— Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kote pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl.
Madanm lan reponn li:
— Sa pa fè anyen!
24Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a:
— Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l al dousman jouk m'a di ou rete.
25Se #2 Wa 2.25 konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a:
— Men madanm lavil Choumèn lan ap vini. 26Kouri al jwenn li. Mande l si tout moun lakay li byen, li menm, mari l ak pitit li a.
Madanm lan di Gerazi tout moun byen. 27Men #Mat 28.9 lè li rive kot Elize, li lage kò l atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l pouse l, Elize di l konsa:
— Kite l. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Senyè a pa kite m konn sa. Li kache m sa.
28#2 Wa 4.16 sa a madanm lan di:
— Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M pat di ou pa ban m move espwa?
29Elize #Egz 14.16; Lik 10.4; Tra 19.12 vire bò Gerazi, li di l konsa:
— Pare kò ou non! Pran baton m lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pèsonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m lan sou figi pitit la.
30Men #2 Wa 2.2 manman ti gason an di Elize konsa:
— Mwen pran Senyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou!
Lè sa a Elize leve, li pati avè l. 31Gerazi te gentan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l:
— Ti gason an pa leve.
32Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan. 33Li #1 Wa 17.20; Mat 6.6 fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Senyè a. 34Lèfini, #1 Wa 17.21; Tra 20.10 li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho. 35Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l'al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènye sèt fwa, epi li louvri je l. 36Elize #Lik 7.15 rele Gerazi, li di l:
— Rele madanm lan pou mwen.
Lè madanm lan vini, li di l:
— Men pitit gason ou lan.
37Madanm #1 Wa 17.23; 2 Wa 8.1,5; Eb 11.35 lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l ale.
Mirak manje yo
38Apre #2 Wa 8.1; Tra 22.3 sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l konsa:
— Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
39Yonn nan pwofèt yo sòti al chache kèk fèy legim. Li jwenn yon pye lyann mawon, li keyi kèk fwi ki te tankou ti kalbas, li plen rad li. Li tounen, li koupe yo an ti moso, li mete yo nan bouyon an san konnen sa yo te ye. 40Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di:
— Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l.
Yo derefize manje. 41Men #2 Wa 2.21 Elize di:
— Pote ti gout farin frans pou mwen.
Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di:
— Bay mesye yo manje.
Mesye yo manje. Pat gen pwazon ankò nan manje a.
42Yon #Mak 6.37-44; 8.4-9 lòt fwa ankò, yon nonm sòti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekòlte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fenk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje. 43Men domestik la di l:
— Ki jan pou m rive bay san moun manje ak ti povizyon sa a?
Elize reponn li:
— Ba yo l pou yo manje, paske Senyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.
44Domestik la sèvi manje a. Tout pwofèt yo manje, yo kite rès jan Senyè a te di l la.

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte