2 Wa 20:1-11

2 Wa 20:1-11 HAT98

Nan menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, yon maladi ki pa bay chans. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li. Li di: — Men sa Senyè a voye di ou. Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou. Ezekyas vire figi l bay panno a fas, li lapriyè Senyè a. Li di: — Tanpri Senyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m'pa vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou vle mwen fè. Epi li kriye kont kriye li. Lè Ezayi kite wa a, li pat ankò sòti nan lakou ki nan mitan palè a lè Senyè a pale avè l, li di l konsa: — Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l pou mwen. Men sa Senyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Senyè a. M'ap kite ou viv kenzan ankò, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutèt David sèvitè m lan, ak poutèt mwen. Ezayi mande pou yo fè yon konprès figfrans mete sou maleng wa a. Yo fè sa vre, epi wa a geri. Lè sa a, wa a mande Ezayi: — Kisa ki pral fè m konnen Senyè a pral geri m pou nan twa jou m ka al nan Tanp Senyè a? Ezayi reponn li: — Men siy Senyè a pral fè ou wè pou konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle lonbray la vanse dis mak devan osinon fè bak sou dis mak? Ezekyas reponn li di: — Se bagay fasil pou lonbray la vanse dis mak devan. L'ap pi difisil pou li fè bak sou dis mak. Pwofèt Ezayi lapriyè Senyè a epi Senyè a fè lonbray la fè bak sou dis mak li te fin depase sou kadran solèy wa Akaz te fè a.