Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l. Apre sa, li pati al nan Tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Senyè a. Epi li lapriyè Senyè a, li di l konsa: — Senyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fòtèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a. Panche zòrèy ou non, Senyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m, pawòl ki manke Bondye vivan an dega! Nou konnen, Senyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo. Yo te boule tout bondye yo paske se pa te bondye yo te ye. Se estati bwa, estati wòch moun fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo. Kounyeya, Senyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Senyè, ki Bondye.
Li 2 Wa 19
Koute 2 Wa 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 19:14-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo