2 Korent 4

4
Bondye mete richès li yo nan veso tè
1Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen #2 Kor 3.6; 1 Kor 7.25 pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouray. 2Mwen #2 Kor 2.17; 1 Tes 2.5 voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans. 3Si #1 Kor 1.18 malgre sa, bòn nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo. 4Yo #Eb 1.3; Ef 2.2; 2 Tes 2.11; Kol 1.15 pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bòn nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.
5Konprann #2 Kor 1.24 sa byen, se pa tèt pa m m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Senyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi. 6Bondye #2 Kor 3.18; Jen 1.3; Eza 9.1 ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
7Men, #2 Kor 5.1; Tra 9.15 nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa sòti nan nou, men se nan Bondye li sòti. 8Mwen #2 Kor 1.8; 7.5 jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. 9Yo pèsekite m, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo sò, men mwen pa rete atè a. 10Se #1 Kor 15.31 konsa, kote m pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m tou. 11Nan #Wòm 8.36 lavi m, se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. 12Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.
13Men #Sòm 116.10 sa ki ekri nan Liv la:
Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale.
Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale.
14Mwen #1 Kor 6.14 konnen Bondye ki te fè Senyè Jezi leve sòti vivan nan lanmò a, li gen pou l fè m tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l fè m parèt ansanm ak nou devan li. 15Se #2 Kor 1.3-6 poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.
N'ap viv ak konfyans nan Kris la
16Se #Ef 3.16 sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn. 17Sa #Wòm 8.17,18 m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. 18Paske, #Eb 11.1,3; Kol 1.16 mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Chwazi Kounye ya:

2 Korent 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an