2 Korent 3

3
Moun k'ap sèvi Bondye anba nouvo kontra a
1Eske sa vle di m'ap konmanse fè lwanj tèt #2 Kor 5.12; Wòm 16.1; Tra 18.27 mwen ankò? Osinon, eske mwen ta bezwen yon lèt rekòmandasyon pou nou tankou kèk lòt ki pòte lèt rekòmandasyon ban nou? Ou ankò eske se pou m ta mande nou pòte yon lèt konsa ban mwen? 2Se #1 Kor 9.2 nou menm, moun Korent, ki lèt rekòmandasyon mwen, yon lèt ki ekri nan kè m pou tout moun ki konn li ka li li. 3Wi, #Egz 24.12; 31.18; 34.1; Pwo 3.3; 7.3; Eze 11.19; 36.26; Jer 31.33; Wòm 15.16 se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa te ekri li ak lank sou wòch, men li ekri li ak Lespri Bondye vivan an nan lavi nou.
4M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen konfyans nan Bondye. 5Konprann #2 Kor 2.16 byen, mwen pat janm gen pretansyon pou m ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouray mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m ka fè li. 6Se #Jer 31.31; 1 Kor 11.25; Wòm 7.6; Jan 6.63 li menm ki fè m ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pat fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.
7Yo #Egz 34.30 te ekri lalwa a lèt apre lèt sou de tablo wòch. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun Izrayèl yo pa te ka fikse li. Men li pa te klere tout tan. Si travay lalwa a ki te la pou bay lanmò te parèt konsa, 8nou #Gal 3.2,5 pa bezwen mande si pouvwa ki parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi klere toujou. 9Travay #Det 27.26; Wòm 1.17; 3.21 ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras. 10Nou #Egz 34.29 ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè kounyeya, sitèlman li depase l anpil. 11Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen.
12Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m poze konsa. 13Mwen #Egz 34.33,35 pa tankou Moyiz: klate ki te nan figi l la te la pou yon tan. Se sa ki fè Moyiz te kouri kouvri tout figi l ak yon moso twal pou moun pèp Israyèl yo pat wè lè klate a disparèt. 14Men, #Wòm 11.25 yo pat ka konprann anyen. Jouk kounyeya, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt. 15Jòdi a ankò, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo. 16Men, #Wòm 11.23,26; Egz 34.34 tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Senyè a, vwal la sòti. #3.16: Lè yon moun tounen vin jwenn Senyè a, vwal la sòti: Ou ankò Lè Moyiz tounen al jwenn Senyè a, vwal li a te sòti. 17Kilès #Jan 7.39; 8.36; Egz 16.7; 24.17; Wòm 8.2 Senyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, l'a gen libète. 18Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.

Chwazi Kounye ya:

2 Korent 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an