2 Kwonik 6

6
1Lè sa a, Salomon di konsa:
— Senyè, #1 Wa 8.12-50 ou #Eb 12.18 di ou pito viv kote ki fè nwa.
2Kounyeya, mwen bati yon tanp pou ou ka rete,
yon kay kote ou pral viv pou tout tan.
Salomon pale ak pèp la
(1 Wa 8.14-21)
3Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la, 4li di:
— Lwanj pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Avèk fòs kouray li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m lan, lè li te di l konsa: 5Depi jou mwen te fè pèp mwen an sòti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l pou mwen rete, ni mwen pat chwazi pèsonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 6Men #1 Sam 16.11-13; Sòm 78.68 kounyeya, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an. 7David, #1 Kwo 17.1; 28.2 papa m, te fè lide bati yon tanp pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, 8Men, Senyè a te di l: Ou byen fèt gen lide bati yon kay pou mwen. 9Men, se pa ou ki va bati l. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati tanp lan pou mwen. 10Kounyeya, Senyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l la, se mwen menm ki nan plas David, papa m. Mwen chita sou fòtèy wa Izrayèl la. Mwen bati yon tanp pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 11Lèfini, #2 Kwo 5.10 mwen fè yon plas ladan l pou Bwat Kontra Senyè a, kontra li te pase ak moun pèp Izrayèl yo.
Lapriyè Salomon an
(1 Wa 8.22-61)
12Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Senyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l anlè pou l lapriyè. 13Salomon #1 Wa 8.54 te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l anlè, 14epi li di:
— Senyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo. 15Ou #1 Kwo 22.9,10 te kenbe pwomès ou te fè David, papa m, sèvitè ou la. Tou sa ou te di w'ap fè, ou fè l rive vre jòdi a ak fòs ponyèt ou. 16Se #2 Kwo 7.18; Sòm 132.12 poutèt sa, Senyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m, sèvitè ou la, lè ou te di l va toujou gen yonn nan pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l la. 17Se konsa, Senyè, Bondye pèp Izrayèl la, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, sèvitè ou la.
18Men, #Rev 21.3 Bondye, eske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la twò jis pou li kenbe tout prezans ou, alewè pou ti kay mwen bati pou ou la a! 19Senyè, Bondye m, tanpri, se sèvitè ou mwen ye! Tanpri, tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. Koute jan m'ap rele nan zòrèy ou jòdi a. Tande jan m'ap rele, jan m'ap lapriyè nan pye ou. 20Lajounen #2 Kwo 6.40 kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, mape fè nan pye ou. 21Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.
22Lè y'a pote plent pou yon moun ki fè frè li yon bagay mal, si yo mande li sèmante se pa vre epi li vin sèmante devan lotèl ou a, nan Tanp sa a, 23ou menm, Senyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la. W'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.
24Lè lènmi bat pèp Izrayèl la akoz pèp la peche kont ou, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fè lwanj pou ou, si yo lapriyè nan pye ou isit la nan kay sa a, 25tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te ba yo ansanm ak zansèt yo a.
26#1 Wa 17.1; 2 Kwo 7.13; Lik 4.25 va gen sechrès nan peyi a, san yon ti degout lapli, paske pèp la peche kont ou, si yo regrèt sa yo fè a paske ou pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo fè lwanj ou, 27tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche sèvitè ou yo ak peche moun pèp Izrayèl ou yo. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Senyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou l rele l pa l la.
28Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la, 29koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a regrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyè ou, 30tanpri, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo, padonnen yo. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo. Se ou menm ki konnen sa ki nan fon kè moun. 31Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pèp ou a va gen krentif pou ou, y'a mache nan chemen ou mete devan yo, pandan tout tan y'ap viv sou tè ou te bay zansèt nou yo.
32Menm #Jan 12.20 lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a sòti byen lwen vini poutèt ou, paske li tande jan n'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouray ou, si li vin lapriyè nan Tanp sa a, 33tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa, tout pèp sou latè va konnen ou. Y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. Y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.
34Lè pèp ou a va sòti al goumen kont lènmi l yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou, 35tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo. Koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, defann kòz yo.
36Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, lè w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen, 37antan yo la nan peyi kote lènmi depòte yo a, si yo regrèt sa yo fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo fè sa ki mal, si yo rekonèt yo antò, 38si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyè ou, 39tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo. Padonnen pèp ou a tout peche yo fè kont ou.
40Kounyeya, Bondye #2 Kwo 6.20; 7.15; Ney 1.6,11; Sòm 130.2 mwen, louvri je ou,
koute lapriyè n'ap fè nan pye ou isit la.
41Kounyeya, leve #1 Kwo 28.2-6; Sòm 132.8,9; Eza 61.10 non, Senyè, Bondye!
Vin kote pou ou pran repo a!
Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la
ki fè wè jan ou gen pouvwa.
Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans!
Se pou tout pèp ou a rele tèlman yo kontan!
42Poutèt #Sòm 132.1,10 pwomès ou fè David, sèvitè ou la,
tanpri, Senyè, pa vire do bay moun ou chwazi a!

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte