2 Kwonik 5

5
1Lè wa Salomon te fin fè travay bati Tanp #1 Wa 7.51 Senyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l, te ofri bay Senyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.
Bwat Kontra a nan Tanp lan
(1 Wa 8.1-11)
2Apre #1 Wa 8.1-9 sa, #1 Kwo 15.29 Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l lavil Jerizalèm pou y'al pran Bwat Kontra Senyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l nan Tanp lan. 3Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon. 4#Nonb 1.50; 1 Wa 8.3 tout chèf pèp Izrayèl yo fin reyini, moun Levi yo pran Bwat Kontra a, 5yo pote l nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Senyè a ak tout bagay yo te mete ladan l apa pou Senyè a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo. 6Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton ankantite pou Bondye. Moun pa te ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a, tèlman yo te anpil. 7#Rev 11.19 yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Senyè a anndan Tanp lan, yo mete l nan mitan de pòtre zanj cheriben yo. 8Zèl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l yo. 9Si #1 Wa 8.8 yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Senyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a #5.9: nan kote ki apa pou Bondye a: Dapre sa nou jwenn nan 1 Wa 8.8. Men, tèks ebre a menm bay sou kote Bwat Kontra a. tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk kounyeya poto yo la toujou. 10Nan #Det 10.2,5; 2 Kwo 6.11 Bwat Kontra a pat gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Senyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap sòti kite peyi Lejip la.
Pouvwa Senyè a
11Prèt #1 Wa 8.10; 1 Kwo 24.1 yo sòti nan pyès ki apa nèt pou Senyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis. 12Tout #1 Kwo 15.16,24; 25.1-4; 2 Kwo 7.6; Sòm 150.3-5 moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò soley leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt. 13#1 Wa 8.10; 1 Kwo 16.34,42 tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante:
Lwanj pou Senyè a, paske li bon!
Li p'ap janm sispann renmen nou!
Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt. 14Poutèt #Egz 40.35; 1 Wa 8.11; 2 Kwo 7.2; Eze 10.3,4; Rev 15.8 nyaj la, prèt yo pat ka rete fè sevis yo, paske limyè prezans Senyè a te plen Tanp lan nèt.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte