2 Kwonik 36

36
Joakaz, wa peyi Jida
(2 Wa 23.31-35)
1Moun peyi Jida chwazi Jowakaz, pitit #2 Wa 23.30-34 gason Jowas. Yo mete li wa nan plas papa li. 2Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. 3Neko, wa peyi Lejip la, mete l atè, li fòse peyi Jida a ba li sètmil senksan (7500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. 4Apre sa, Neko pran Elyakim, frè Joakaz, li mete l wa nan plas li. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l nan peyi Lejip.
Jojakim, wa peyi Jida
(2 Wa 23.36—24.7)
5Jojakim #2 Wa 23.36,37 te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan onzan. Li te fè sa ki mal devan Senyè a, Bondye li a. 6Nebikadneza, #2 Wa 24.1,6; 2 Kwo 33.11; Jer 22.18,19; 36.30 wa Babilòn, anvayi peyi Jida, li fè wa Jojakim prizonye, li mete l anba chenn doub, li mennen l lavil Babilòn. 7Nebikadneza #2 Wa 24.13; Esd 1.7; Da 1.1,2; 5.2 pran tout bèl bagay ki te nan Tanp Senyè a, li pote yo lavil Babilòn, li mete yo nan tanp bondye pa l.
8Tout #2 Wa 24.5,6 rès istwa Jojakim lan, jan li te sèvi vye zidòl yo ak tout mechanste li te fè yo, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. Se Jojakin, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Jojakin, wa peyi Jida
(2 Wa 24.8-17)
9Jojakin #2 Wa 24.8-17 te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa dis jou. Li menm tou, li te fè sa ki mal devan Senyè a. 10Nan #Jer 37.1 sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.
Sedesyas, wa peyi Jida
(2 Wa 24.18-20; Jeremi 52.1-3a)
11Sedesyas #2 Wa 24.18-20; Jer 52.1-3 te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. 12Li #Jer 21.3-7; 27.12-22; 32.1-5; 37.6-10; 38.17-26 fè sa ki mal devan Senyè a, li pat soumèt devan pwofèt Jeremi ki t'ap pale pawòl Bondye nan zòrèy li.
Lavil Jerizalèm tonbe
(2 Wa 25.1-2; Jeremi 52.3-11)
13Sedesyas #Eze 17.15,18 leve kont wa Nebikadneza ki te fè l sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l ta tounen vin jwenn Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Senyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm. 15Senyè a, #2 Wa 17.13; Jer 7.13,25; 11.7; 25.3,4; 26.5; 29.19; 35.15; 44.4 Bondye zansèt yo a, pat manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pat vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a. 16Men, #2 Wa 17.14-15; Esd 5.12; Jer 5.12,13; Mat 23.31-37; Mak 12.2-5; Tra 7.51,52 yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Senyè a te vin sitèlman fache pat gen rechap pou yo ankò.
17Se #Det 28.49,50; 2 Wa 25.1; Esd 9.7; Lam 1.10,15; 5.11-14 konsa Senyè a fè moun Babilòn moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason Jida nan Tanp lan menm. Li pa te gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, moun malad kou moun gaya. Bondye lage yo tout nan men wa a. 18Wa a #2 Wa 25.13-15 menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn. 19Lèfini, #2 Wa 25.9 li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo. 20Li #2 Wa 25.11; Jer 27.7 pran tout moun ki pat mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l, li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la. 21Se #Lev 25.4,5; 26.34,35,43; Jer 25.9-12; Da 9.2 konsa, sa Senyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l, li pral pran repo pou tout jou repo yo pat janm ba li a.
Siris bay jwif yo lòd tounen
(Esdras 1.1-4)
22#Esd 1.1-3; Eza 44.28; 45.1; Jer 25.12,13; 29.10; 33.10,11 sa a, lanperè Siris pa te ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Lapès lè Senyè a mete lide nan tèt misye pou li fè ekri lòd, epi voye li nan tout peyi a pou yo te ka li lòd la pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Senyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi te ka rive vre. Men lòd la:
23— Mwen menm Siris, lanperè peyi Lapès, men lòd mwen pase: Senyè Bondye nan syèl la, mete m' chèf sou tout peyi sou latè. Li ban m' reskonsablite pou mwen bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 36: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte