2 Kwonik 35

35
Jozyas fete fèt Delivrans lan
(2 Wa 23.21-23)
1Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou #Egz 12.6; 2 Wa 23.21-23; 2 Kwo 30.1 Senyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la. 2Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l byen. 3Lèfini, #Det 33.10; 1 Kwo 15.15; 23.26; 2 Kwo 15.3; 17.9; Ney 8.7,9 li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Senyè a. Li di yo konsa:
— Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l sou zepòl nou ankò. Kounyeya se sèvi nou pral sèvi Senyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a. 4Pran #1 Kwo 23.6; 2 Kwo 8.14 plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsabilite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l la. 5N'a rete kote yo mete apa nèt pou Senyè a. N'a ranje nou yon jan pou gen yon gwoup moun Levi pou ede chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 6Se #2 Kwo 29.5; 30.2,3 nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Senyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Senyè a te bay Moyiz lòd la pou nou.
7Apre #2 Kwo 30.24; 31.3 sa, Jozyas pran trantmil (30.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (3.000) bèf nan bèt pa l, li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan. 8Chèf #2 Kwo 34.9,14 li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Senyè a, bay demil sisan (2.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (300) bèf pou yo touye pou fèt la. 9Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (5.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan.
10#2 Kwo 30.16; Esd 6.18 tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la. 11#2 Kwo 29.22,34; Esd 6.20 yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo. 12Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Senyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou y'al ofri bay Senyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo. 13Lèfini, #Egz 12.8,9; Det 16.7 moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chòdyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la. 14Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Senyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo.
15Sanba #1 Kwo 25.1-6; 26.12-19 yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou.
16Se konsa jou sa a yo te òganize tout sèvis Senyè a pou fete fèt Delivrans lan, pou boule vyann bèt yo nèt sou lotèl la pou Bondye, jan wa Jozyas te bay lòd la. 17Pandan #2 Kwo 30.21 sèt jou, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo t'ap fete fèt Delivrans lan ak fèt Pen san ledven yo. 18Depi #2 Wa 23.22,23 sou tan pwofèt Samyèl, yo pat janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. 19Jozyas te gen dizwitan depi li te wa lè yo te fete fèt Delivrans sa a.
Lanmò Jozyas
(2 Wa 23.28-30)
20Apre #2 Wa 23.29; Jer 46.2 sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas sòti al kontre l pou anpeche l pase. 21Men, #Tra 5.39 Neko voye misyon sa a bay Jozyas:
— Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M pa vin pou m goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m. Konsa li p'ap detwi ou.
22Men, #1 Wa 22.30 Jozyas te sòti pou goumen avè l. Li derefize koute mesay Neko te voye ba li a, mesay ki te sòti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l, l'al goumen avè l nan plenn Megido a. 23Pandan #1 Wa 22.34 batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l yo:
— M blese anpil. Mennen m ale.
24Moun #2 Wa 23.30 li yo wete l nan cha lagè li a, yo mete l nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas. 25Pwofèt #Lam 4.20 Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv.
26Tou sa Jozyas te fè, jan li sèvi Senyè a ak tout kè li, jan li te mache dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a, 27wi, tout istwa Jozyas la nèt, depi premye jou li te moute wa rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa Wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 35: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte