2 Kwonik 34

34
Jozyas, wa peyi Jida
(2 Wa 22.1-2)
1Jozyas te gen witan lè li moute wa #2 Wa 22.1,2 peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. 2Jozyas te fè sa ki dwat devan Senyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li a. Li fè tankou l nan tou sa l'ap fè, san li pa janm fè sa ki mal.
3Jozyas #2 Wa 23.6; 2 Kwo 14.3; 31.1 t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. 4Li fè demoli devan je li tout lotèl pou fè sèvis Baal yo. Li fè kraze tout recho kote yo boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze fè miyèt moso moniman Achera ak estati tout lòt zidòl yo epi tout estati bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud. Yo simaye poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo. 5Li #1 Wa 13.2; 2 Wa 23.20 boule zosman prèt zidòl yo sou lotèl kote yo te konn fè sèvis pou yo a. Se konsa li mete tout peyi Jida a ak lavil Jerizalèm nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 6Li #2 Wa 23.15,19 fè menm bagay la tou nan lavil ki nan zòn moun Manase, moun Efrayim, ak moun Simeyon yo rive nan zòn moun Neftali yo ak nan tout ti bouk ki te nan vwazinay yo. 7Nan #Det 9.21 tout peyi Izrayèl la, li fè yo demoli lotèl yo. Li fè yo kraze tout estati Achera yo ak lòt zidòl yo fè yo tounen poud. Yo kraze tout lotèl lansan yo fè miyèt moso. Lèfini, li tounen lavil Jerizalèm.
Dekouvèt Liv Lalwa a
(2 Wa 22.3—23.3)
8#2 Wa 22.3-20 sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Senyè a, Bondye li a. 9Mesye #2 Kwo 35.8 yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo. 10Yo renmèt lajan an nan men mesye ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di, 11bòs chapant yo ak bòs mason yo, pou yo ka achte wòch taye ak bwa yo bezwen pou sèvi sipò ak ranfò chapant Tanp wa Jida yo te kite ap tonbe a.
12Mesye yo te serye nan travay yo. Te gen kat moun Levi ki t'ap dirije yo. Se te: Joak ak Obadya, moun nan branch fanmi Merari a, Zekaraja ak Mechoulam, moun nan branch fanmi Keyat. Moun Levi ki te konn fè mizik sou enstriman yo 13te reskonsab moun ki t'ap bwote materyo yo ak tout lòt ouvriye ki t'ap fè lòt travay yo. Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab ekri istwa tou sa k'ap pase. Genyen ki te sekretè, genyen ki t'ap fè pòs nan papòt yo.
14Pandan yo t'ap wete lajan yo te mete nan Tanp Senyè a, Ilkija, prèt la, jwenn liv Lalwa Senyè a te bay Moyiz pou pèp la. 15Ilkija pale ak Chafan, sekretè a, li di l li jwenn liv Lalwa a nan Tanp Senyè a. Epi li ba li l. 16Chafan pote liv la bay wa a, epi li fè rapò li, li di l konsa:
— Nou fè tou sa ou te ban nou lòd fè. 17Yo pran tout lajan ki te nan Tanp Senyè a, yo renmèt li nan men moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan ak moun k'ap fè travay yo.
18Lèfini, Chafan di wa a:
— Ilkija, prèt la, te ban m yon liv.
Chafan li liv la pou wa a. 19Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi. 20Lèfini, #Jer 26.24 li fè rele Ilkija, prèt la, Akikam, pitit gason Chafan an, Abdon, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
21— Ale chache konnen sa Senyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Senyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pat koute pawòl Senyè a, ni yo pat fè tou sa ki ekri nan liv la.
22Se konsa, Ilkija ansanm ak lòt mesye wa a te chwazi yo al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fenk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a te madanm yon nonm yo te rele Chaloum, pitit Tokeyat, pitit pitit Asra a, ki te reskonsab rad yo sèvi nan Tanp lan. Yo esplike Oulda tou sa ki rive. 23Oulda di yo konsa:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m lan 24men #Det 28.15-68 mesay Senyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a. 25Moun #2 Kwo 28.3,4,25 Jerizalèm vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou Jerizalèm. Kòlè mwen poko ap pase. 26Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l: Ou tande sa ki ekri nan liv la. 27Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Senyè a, k'ap di ou sa. 28Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gentan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l yo.
Mesye yo tounen rapòte mesay la bay wa Jozyas.
Jozyas kraze tout tanp zidòl yo
29#2 Wa 23.1-3 sa a, wa a voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a, pou yo reyini ansanm avè l. 30Apre sa, wa a moute nan Tanp Senyè a ak prèt yo, moun Levi yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete Jerizalèm yo, ak tout rès pèp la, grannèg kou malere. Wa a kanpe devan yo tout. Li li byen fò tout sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Senyè a. 31#2 Wa 11.14; 2 Kwo 15.12 li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Senyè a pou li fè volonte Senyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. 32Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a. 33Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl yo nan obligasyon pou yo sèvi Senyè Bondye yo a. Se konsa, pandan tout tan Jozyas vivan, tout pèp la te kenbe pye Bondye zansèt yo a fèm.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 34: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte