Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan. Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (1.000) towo bèf ak sètmil (7.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Senyè a. Tout moun te kontan, depi moun peyi Jida yo, prèt yo, moun Levi yo jouk moun ki te sòti nan peyi Izrayèl yo ansanm ak moun lòt nasyon ki te tabli ni nan peyi Jida a ni nan peyi Izrayèl la. Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou reny Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pat janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm.
Li 2 Kwonik 30
Koute 2 Kwonik 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 30:23-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo