2 Kwonik 30

30
Ezekyas mande pare pou fèt Delivrans lan
1Ezekyas voye envite tout moun peyi Jida ak tout moun peyi Izrayèl yo. Li voye lèt bay branch fanmi Efrayim ak branch fanmi Manase yo. Li voye envite yo pou yo vin nan Tanp Senyè a, lavil Jerizalèm, pou yo fete fèt Delivrans lan pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 2Wa a #Nonb 9.10,11 te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a. 3Yo #Egz 12.6,18; 2 Kwo 29.17,34 pat ka fè l lè pou yo te fè l la pou de rezon. Pou konmanse, pat ankò gen kont prèt ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lèfini, tout pèp la pat reyini lavil Jerizalèm. 4Ni wa a, ni pèp la te dakò se te yon bon lide pou yo te fè l lè sa a. 5Se konsa yo pran desizyon voye envitasyon bay tout pèp Izrayèl la, depi lavil Becheba nan sid jouk lavil Dann nan nò, pou yo vini lavil Jerizalèm fete fèt Delivrans lan pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Paske anvan sa, tout moun yo pat konn vini nan fèt la jan Lalwa mande l la.
6Se #1 Wa 18.36; 2 Wa 15.29; Jowèl 2.12,13 konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesay yo t'ap mache fè konnen:
— Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Senyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa la tounen vin jwenn nou tou. 7Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pat kenbe pawòl yo ak Senyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini. 8Pa #Egz 32.9; 2 Wa 17.14; 2 Kwo 29.10 fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Senyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Senyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Senyè a, Bondye nou an, pou Senyè a pa fache sou nou ankò. 9Si #Egz 34.6; 1 Wa 8.50; Sòm 106.46; Jer 4.1 nou tounen vin jwenn Senyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, la kite yo tounen nan peyi yo. Paske Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, la louvri bra l ban nou.
10Mesaje #2 Kwo 36.16 yo ale toupatou nan peyi moun Efrayim ak moun Manase yo, yo pase nan tout lavil yo, yo rive jouk nan peyi moun Zabilon yo. Men, moun t'ap ri yo, yo t'ap pase yo nan betiz. 11Tansèlman, te gen kèk moun nan branch fanmi Asè, nan branch fanmi Manase ak nan branch fanmi Zabilon ki rekonèt fòt yo epi ki moute lavil Jerizalèm. 12Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Senyè a te bay.
Ezekyas fete fèt Delivrans lan
13Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo. 14Yo #2 Wa 23.6; 2 Kwo 28.24; 29.16 pran tout lòt lotèl kote yo te konn boule bèt yo ofri yo ak lotèl kote yo boule lansan ki te lavil Jerizalèm yo, y'al voye yo jete nan Fon Sedwon an. 15Nan #2 Kwo 29.34; Esd 6.20 katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pat nan kondisyon pou fè sèvis pou Senyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Senyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Senyè a. 16Y'al pran plas yo nan Tanp lan dapre regleman ki nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. Moun Levi yo bay prèt yo san bèt yo pou yo vide sou lotèl la. 17Te #Jan 11.55 gen anpil moun ki pat mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Kifè yo pat kapab touye ti mouton Delivrans pa yo. Konsa, se moun Levi yo ki te fè l pou yo, lèfini ki te mete yo apa nèt pou Senyè a. 18Paske pifò moun ki te sòti nan branch fanmi Efrayim, nan branch fanmi Manase, nan branch fanmi Isaka ak nan branch fanmi Zabilon yo pat fè sèvis pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Yo te manje manje Delivrans lan yon jan ki pa konfòm ak sa ki ekri nan liv lalwa a. Men, Ezekyas lapriyè Bondye pou yo, li di:
— O Senyè, Bondye zansèt nou yo, pou jan ou gen bon kè, tanpri padonnen 19tout moun sa yo ki sòti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo.
20Senyè a tande lapriyè Ezekyas te fè a, li padonnen pèp la. 21Konsa #Egz 12.15; 13.6; Esd 6.22 pandan sèt jou, moun Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm, yo fete fèt Pen San Ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante lwanj Senyè a. Yo t'ap jwe mizik byen fò pou Senyè a. 22Ezekyas #Lev 5.5 t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Senyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Senyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi.
23Apre #1 Wa 8.65 sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan. 24Ezekyas, #2 Kwo 29.34 wa peyi Jida a, te bay mil (1.000) towo bèf ak sètmil (7.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Senyè a. 25Tout moun te kontan, depi moun peyi Jida yo, prèt yo, moun Levi yo jouk moun ki te sòti nan peyi Izrayèl yo ansanm ak moun lòt nasyon ki te tabli ni nan peyi Jida a ni nan peyi Izrayèl la. 26Se #2 Kwo 7.8-10 te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou reny Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pat janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm. 27Apre #Nonb 6.23-27; Det 26.15; Sòm 68.5 sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 30: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte