2 Kwonik 13

13
Abija, wa peyi Jida
(1 Wa 15.1-8)
1Jewoboram te gen dizwitan depi li #1 Wa 15.1,2 te wa peyi Izrayèl la, lè Abija moute wa nan peyi Jida. 2Li #1 Wa 15.7; 2 Kwo 11.20 gouvènen pandan twazan lavil Jerizalèm. Manman l te rele Mikaja. Se te pitit fi Ouryèl, moun lavil Gibeya.
Se te yon lagè san rete ant Abija ak Jewoboram. 3Abija leve yon lame katsanmil (400.000) vanyan sòlda ki konn goumen. Jewoboram bò pa l kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil (800.000) vanyan sòlda ki konn goumen. 4De lame yo kontre nan mòn peyi Efrayim yo. Wa Abija kanpe sou mòn Zemarayim, li pale byen fò, li di:
— Koute m non, Jewoboram ak nou tout moun peyi Izrayèl yo! 5Eske #Lev 2.13; Nonb 18.19; 2 Sam 7.12,13,16; Sòm 89.3,4 se konnen nou pa konnen Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te pase yon kontra ak David, kontra ki pa kapab kase. Dapre kontra a, li mete gouvènman pèp Izrayèl la nan men l ak nan men fanmi l pou tout tan. 6Men, #1 Wa 11.26; 12.19,20 Jewoboram, pitit gason Nebat la, li menm ki t'ap sèvi ak Salomon, pitit David la, revòlte kont mèt li. 7Apre #2 Sam 20.1; 2 Kwo 12.13 sa, yon bann voryen ak yon bann vakabon al mete tèt yo ansanm ak li, yo fòse Woboram, pitit gason Salomon an, yo fè l fè sa yo vle, paske li te jenn, li te gen tèt fèb. Li pat ka kenbe tèt ak yo. 8Koulyeya, nou #1 Wa 12.28 fè lide vin kraze otorite Senyè a te mete nan men fanmi David la. Tou sa, se paske nou gen avèk nou yon gwo lame ak tout estati towo bèf lò Jewobowam te fè pou sèvi nou bondye a. 9Nou #2 Kwo 11.14,15; Oze 8.6 mete prèt Senyè yo, pitit Arawon yo, deyò ansanm ak moun Levi yo, lèfini nou fè tankou lòt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sèvi prèt. Nenpòt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bèf osinon ak sèt mouton, nou fè l prèt bondye nou yo ki pa bondye.
10Men nou menm, se Senyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Senyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye. 11Chak #Egz 25.31-39; 2 Kwo 2.4 maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Senyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sevis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Senyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li. 12Se #Nonb 10.9; Jòb 9.4; Tra 5.39 Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Senyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.
13Jewoboram fè sòlda ki te dèyè yo fè yon detou al pase dèyè lame moun peyi Jida yo. Konsa, pifò sòlda li yo te kanpe sou devan lame moun Jida yo, ak yon bon valè sòlda li yo sou dèyè yo. 14#2 Kwo 14.11,12 moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wè yo te sènen sou devan ak sou dèyè, yo rele mande Senyè a sekou. Prèt yo menm pran kònen twonpèt yo. 15Moun Jida yo bay yon sèl rèl byen fò, epi yo atake. Bondye fè Jewoboram ak tout lame moun Izrayèl yo pèdi devan Abija ak moun Jida yo. 16Moun #2 Kwo 16.8 Izrayèl yo pran kouri pou moun Jida yo, Bondye lage yo nan men moun Jida yo. 17Abija ak sòlda li yo touye yon pakèt ladan yo. Yo touye senksanmil (500.000) nan pi bon sòlda lame pèp Izrayèl la. 18Se konsa moun peyi Izrayèl yo sòti wont nan batay la, men moun peyi Jida yo sòti pi fò, paske se sou Senyè a, Bondye zansèt yo a, yo te apiye.
19Abija #2 Kwo 15.8 kouri dèyè Jewoboram, li pran lavil Betèl, lavil Jesana ak lavil Efwon ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont yo. 20Jewoboram #1 Sam 25.38; 1 Wa 14.20 pa janm pran pye ankò pandan tout reny Abija. Bout pou bout, Senyè a frape l, li mouri.
21Abija menm te vin pi fò toujou, li te gen katòz fanm ki te fè vennde pitit gason ak sèz pitit fi pou li.
22Tout #2 Kwo 9.29 rès istwa Abija a, tou sa li te fè ak tou sa li te di, nou jwenn yo nan liv istwa pwofèt Ido te ekri a.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte