2 Kwonik 14

14
1 # 14.1-15: Koresponn ak chapit 13.23 rive chapit 14.14 nan tèks ebre a. Lè Abija mouri, yo antere l lavil #1 Wa 15.8 David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou reny Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan.
Asa, wa peyi Jida
(1 Wa 15.8-12)
2Asa #1 Wa 15.11 te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Senyè a, Bondye l la. 3Li #Egz 34.13; 1 Wa 15.13,14; 2 Kwo 15.17 fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete. 4Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Senyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo. 5Li #Lev 26.30; 2 Kwo 34.4,7; Eze 6.4,6 fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout reny li, peyi a t'ap viv ak kè poze. 6Pandan #2 Kwo 15.15 tout tan sa a, peyi a pat nan dezòd, ni li pat nan fè lagè ak pèsonn, paske Senyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo. 7Li di moun peyi Jida yo:
— Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Senyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo.
Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l. 8Wa #2 Kwo 13.3 Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (300.000) sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil (280.000) sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda. 9Yon moun peyi Letyopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha. 10Asa sòti ak lame pa l la al kontre avè l. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha. 11Asa #Egz 14.10; 1 Sam 17.45; 2 Kwo 13.14,18; Sòm 22.5 lapriyè Senyè a, Bondye li a, li di l konsa:
— Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou kounyeya, Senyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Senyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou!
12Se #2 Kwo 13.15 konsa, Senyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letyopi a. Lame Letyopi a kouri met deyò. 13Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letyopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Senyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite. 14Lèfini, #2 Kwo 17.10; 20.29 yo detwi tout ti bouk ki te nan zòn Gera a, paske moun la yo te pè Senyè a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen. 15Yo atake gadò mouton yo anba tant yo. Yo pran yon bon valè mouton ak chamo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte