1 Tesalonisyen 4

4
Viv pou fè Bondye plezi
1Frè m yo, mwen te moutre nou ki jan pou n #2 Tes 3.6 mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, kounyeya m'ap mande nou, nan non Senyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou. 2Nou konnen tou sa m te moutre nou, avèk otorite Senyè Jezi te ban mwen an. 3Men #1 Tes 5.23; Eb 10.10; 1 Pyè 1.16 sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. 4Se #1 Kor 6.13,15 pou chak gason chwazi madanm li epi viv avèk li san vye pasyon, yon jan ki dakò ak volonte Bondye. 5Pa #Jer 10.25; Sòm 79.6 kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye. 6Nan #Sòm 94.2 bagay sa a, okenn gason pa dwe aji kont enterè frè li, ni fè li lenjistis. Mwen deja ban nou kont avètisman sou sa: Senyè a ap pini moun ki aji konsa. 7Bondye #2 Tes 2.13,14 pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li. 8Se #Lik 10.16; Eze 36.27; 37.14 poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l la menm li pa koute.
9Kanta #Jan 13.34; Jer 31.33,34 renmen nou dwe genyen pou frè n yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt. 10Mwen #2 Tes 3.4 konnen se konsa menm n'ap aji avèk tout frè yo nan tout peyi Masedwàn lan. Men, m'ap mande nou, frè m yo, pou nou chache viv pi byen toujou. 11Chache #Ef 4.28; 2 Tes 3.8,12 viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. 12Konsa, #Kol 4.5; 1 Kor 5.12,13 moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pèsonn.
Jezikri ap tounen
13Frè m #1 Kor 15.20; Ef 2.12 yo, sou kèsyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Senyè a. 14Menm #Wòm 14.9; 1 Kor 15.3,4,12 jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi.
15Dapre #1 Kor 15.51; 7.10,25 sa Senyè a te moutre m lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Senyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo. 16#1 Kor 15.52; 2 Tes 1.7 sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. 17Apre #Jan 12.26; 17.24 sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a. 18Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Tesalonisyen 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an