1 Tesalonisyen 3

3
1Se konsa, mwen pat kapab tann ankò. #Tra 17.14,15 Mwen pran desizyon rete pou kont mwen lavil Atèn. 2Mwen #Tra 16.1-3 te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bòn nouvèl Kris la. Li te gen pou l te fòtifye nou, pou l te ankouraje nou nan lafwa, 3pou #Ef 3.13; 2 Tim 3.12; 2 Tes 1.4 pèsonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa ta pral rive nou. 4Lè m te #2 Tes 3.10; Tra 14.22 la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou ta pral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou. 5Se #Fil 2.16 poutèt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pat kapab tann ankò. Mwen te voye l pran nouvèl jan konfyans nou nan Bondye ye. Mwen te pè pou Satan pat pran nou nan pèlen li, pou tout travay mwen an pat pèdi.
6Men #Tra 18.5 kounyeya, Timote fenk rive sot lakay nou, li fè kè m kontan, li ban m bòn nouvèl, li di m jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m jan nou menm tou nou toujou chonje m, jan nou anvi wè m, menm jan mwen menm mwen anvi wè nou. 7Konsa, #2 Tes 1.4 frè m yo, nan mitan tout difikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m kouray lè m tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa. 8Se kounyeya m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la. 9Mwen pa konn ki jan pou m di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m kontan devan li. 10Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m chans yon lè vizite nou ankò, pou m ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou.
11Mwen #2 Tes 2.16 mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou, pou yo louvri chemen pou m'ka vin wè nou. 12Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. 13Konsa, #Fil 1.10; 2 Tes 1.7,10 nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Tesalonisyen 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an