1 Samyèl 20:30-42

1 Samyèl 20:30-42 HAT98

Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l: — Ou se yon loray kale! Kounyeya mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou! Men, m fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l mennen ban mwen. Se pou l mouri. Men Jonatan reponn: — Poukisa pou yo touye l la? Kisa li fè? Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l te sòti pou touye David vre. Li leve sòti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l lapenn anpil pou David, paske papa l te pale David mal. Nan denmen maten, Jonatan leve, l'al nan jaden yo pou l wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l. Epi li di l: — Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l depase ti gason an. Lè ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l konsa: — Flèch la pi devan an toujou! Pa kanpe la konsa. Fè vit non! Ti gason an ranmase flèch la, li pote l tounen bay mèt li. Li pat konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen. Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l pote yo tounen lavil pou li. Lè ti gason an fin ale, David sòti dèyè pil wòch la, li lage kò l atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan. Apre sa, Jonatan di David konsa: — Ale ak kè poze. Nou te sèmante devan Senyè a pou nou toujou ret zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou ret zanmi tou. Lè sa a, David leve, l'al fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.