1 Samyèl 20

20
Jonatan ede David chape kò l
1David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, #1 Sam 26.18; 1 Sam 1.26; 25.26; 2 Wa 2.2 li chape kò l, l'al jwenn Jonatan epi li di l:
— Kisa m fè? Kisa m fè ki mal? Kisa m fè papa ou pou li vle touye m konsa?
2Jonatan reponn li:
— Mande Bondye padon, ou p'ap mouri! Papa m pa fè anyen san li pa di m. Pa gen rezon pou l ta kache m sa. Se pa vre, monchè!
3Men David sèmante, li di li konsa:
— Papa ou konnen jan ou renmen mwen. Li ka di nan kè li: mwen p'ap kite Jonatan konnen pou sa mwen gen lide fè a pa fè li lapenn. Mwen sèmante devan Bondye, sa ki rete pou mwen mouri a pa anyen.
4Jonatan di l:
— Sa ou vle m fè pou ou!
5David #1 Sam 19.2,3; 20.18; Nonb 28.11 reponn li:
— Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè. 6Si #1 Sam 9.12; 16.4 papa ou wè mwen pa la epi li mande pou mwen, w'a di l mwen te mande ou pèmisyon pou m kouri rive lakay mwen, lavil Betleyèm, paske se lè pou yo fè sèvis ofrann bèt pou yo fè chak lanne pou tout fanmi mwen. 7Si #1 Sam 25.17; Estè 7.7 li di li dakò, w'a konnen mwen sove. Men, si li fè kòlè, w'a konnen li sòti vre pou li touye m. 8Tanpri, #1 Sam 18.3; 20.16,42; 23.18; 2 Sam 21.7 mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap mande ou yon favè, paske se Senyè a, Bondye menm, ki te fè ou mare zanmi avè m. Pa kite anyen rive m. Si m antò, se ou menm ki pou touye m. Pa kite m rive devan papa ou!
9Jonatan #Estè 7.7 di li:
— Wete sa nan lide ou, monchè! Si mwen vin konnen papa m sòti vre pou touye ou, m'ap avèti ou!
10David di li:
— Ki moun ki va fè m konnen si papa ou reponn ou mal?
11Jonatan di li:
— Ann al deyò nan jaden yo.
Epi yo tou de sòti, y'al nan jaden yo. 12Lèfini, Jonatan di David konsa:
— Mwen pran Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. #20.12: Mwen pran…pou temwen: Se nan ansyen vèsyon grèk la nou jwenn fraz sa a. Pa gen sa nan tèks ebre a. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen okenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou. 13Men, #Joz 1.5,17; 1 Sam 10.7; 1 Wa 1.37; 1 Kwo 22.11 si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Senyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m. 14Bon, kounyeya menm, si lè sa a mwen pako mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m devan Bondye a. Pa lage m. 15Toujou #2 Sam 9.1,3,7; 21.7 aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Senyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè, 16piga #Joz 22.23 ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lòt la nan non fanmi nou. Si ou kase l, se pou Bondye pini ou.
17Jonatan #1 Sam 18.1,3 fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l, paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li. 18Apre #1 Sam 20.5,6,25,27 sa, Jonatan di David:
— Denmen se fèt lalin nouvèl la, y'ap wè ou pa la, paske plas ou ap rete vid. 19Apre denmen y'ap wè ou pa la menm. Lè sa a, w'a desann, w'a ale kote ou te kache dènye fwa a. W'a rete kache dèyè pil wòch Ezèl la. 20Mwen menm, m'a tire twa flèch nan direksyon pil wòch la, tankou se pil wòch la menm m'ap vize. 21Lèfini, #Rit 3.13; 1 Sam 20.3 m'a rele domestik mwen an, m'a voye l al chache flèch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l: Gade, flèch yo tonbe bò isit anvan yo gentan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pè anyen, ou mèt vini. Mwen fè sèman nan non Senyè a, anyen p'ap rive ou. 22Men, si mwen di domestik la: flèch yo tonbe bò lòt bò, yo depase kote ou ye a, leve met deyò, paske se Senyè a menm k'ap voye ou ale. 23Pou pwomès nou fè yonn bay lòt la, Senyè a ap fè n'ap kenbe l pou tout tan.
24Se konsa David te al kache kò li nan jaden yo. Lè fèt lalin nouvèl la rive, wa Sayil vin chita bò tab la pou l manje. 25Li #1 Sam 14.50; 20.18 te chita nan plas li, sou fòtèy bò miray la. Jonatan te chita bò tab la tou anfas wa a. #20.25: chita bò tab la tou anfas wa a: Tèks ebre a annik bay leve kanpe. Abnè menm te chita sou kote wa a. Plas David la te vid. 26Jou #Lev 7.21 sa a, Sayil pat di anyen, paske li t'ap di nan kè l: Se yon bagay ki dwe rive l. Li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Sèten, li pa nan kondisyon vre pou l sèvi Bondye. 27Men, #1 Sam 20.18 nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan:
— Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a?
28Jonatan #1 Sam 20.6 reponn li:
— Li te mande m pèmisyon pou l'al lavil Betleyèm. 29Li te di m: Tanpri, kite m ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m yo te voye lòd ban mwen pou m la. Si ou se zanmi m, kite m al wè fanmi m yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a.
30Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l:
— Ou se yon loray kale! Kounyeya mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou! 31Men, m fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l mennen ban mwen. Se pou l mouri.
32Men #1 Sam 19.5; Mat 27.23 Jonatan reponn:
— Poukisa pou yo touye l la? Kisa li fè?
33#1 Sam 18.11; 19.10; 20.7 sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l te sòti pou touye David vre. 34Li leve sòti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l lapenn anpil pou David, paske papa l te pale David mal. 35Nan denmen maten, Jonatan leve, l'al nan jaden yo pou l wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l. 36Epi li di l:
— Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo.
Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l depase ti gason an. 37#1 Sam 20.22 ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l konsa:
— Flèch la pi devan an toujou! 38Pa kanpe la konsa. Fè vit non!
Ti gason an ranmase flèch la, li pote l tounen bay mèt li. 39Li pat konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen. 40Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l pote yo tounen lavil pou li.
41#Tra 20.37 ti gason an fin ale, David sòti dèyè pil wòch la, #20.41: a) pil wòch la: Tèks ebre a bay bò sid la. li lage kò l atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan. #20.41: b) Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan: Tèks ebre a pa klè pou fraz sa a. 42#20.42a—21.15: Koresponn ak chapit 21.1-16 nan tèks ebre a. Apre #1 Sam 20.13,23 sa, Jonatan di David konsa:
— Ale ak kè poze. Nou te sèmante devan Senyè a pou nou toujou ret zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou ret zanmi tou.
Lè sa a, David leve, l'al fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an