1 Samyèl 16

16
Bondye chwazi David pou vin wa
1Senyè a di Samyèl konsa:
— Kilè #Rit 4.22; 1 Sam 10.1; 15.26; Eza 11.1 w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l jete pou l pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l yo pou vin wa.
2Samyèl di li:
— Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m.
Senyè a reponn li:
— Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Senyè a. 3W'a #1 Sam 9.16 envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m.
4Samyèl #1 Wa 2.13 fè tou sa Senyè a te di l fè a. Lale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l. Yo tout te gen kè sote. Yo di l konsa:
— Eske se pou byen nou ou vin isit la?
5Samyèl #Egz 19.10,14,22; Joz 3.5 di:
— Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Senyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m nan sèvis la.
Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou.
6#1 Sam 17.13; 1 Kwo 2.13 yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l:
— Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Senyè a chwazi.
7Men #1 Sam 9.2; 1 Wa 8.39; 1 Kwo 28.9; Jòb 10.4; Sòm 7.9; Pwo 15.11; Jer 17.10; Tra 1.24 Granmèt la di l:
— Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
8Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l yo, li mennen l bay Samyèl. Men, Samyèl di:
— Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi.
9Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di:
— Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi.
10Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa:
— Non, Senyè a pa chwazi yonn ladan yo.
11#1 Sam 17.14; 2 Sam 7.8; 1 Kwo 2.15; Sòm 78.70,71 sa a, Samyèl di Izayi ankò:
— Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt?
Izayi reponn:
— Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l'al mennen mouton m yo al nan manje.
Samyèl di li:
— Voye chache l, paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.
12Se #1 Sam 9.17; 17.42; Tra 13.22 konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Senyè a di Samyèl:
— Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.
13Samyèl #Jij 3.10; 1 Sam 10.1; 16.1; Sòm 89.20 pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
David al rete ak Sayil nan palè a
14Lespri #Jij 9.23; 1 Sam 18.10,12; 19.9; 28.15,16 Senyè a te kite Sayil, epi Senyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l. 15Moun k'ap sèvi Sayil yo di l konsa:
— Gade! Ou konnen Senyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou! 16Mèt, #1 Sam 18.10; 2 Wa 3.15 annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman.
17Sayil di moun k'ap sèvi l yo:
— Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen.
18Yonn #1 Sam 3.19; 17.32; 18.14 nan mesye yo di konsa:
— Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Senyè a avèk li.
19Se #1 Sam 16.11; 17.15,34 konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li:
— Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen.
20Izayi #1 Sam 17.18 pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou li bay Sayil. Epi li voye li al jwenn wa a. 21Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l pou sèvi l. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l pou pote zam li yo. 22Sayil voye di Izayi konsa:
— Tanpri, kite David rete avè m. Mwen renmen l anpil.
23Depi #1 Sam 16.14,16 lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l, epi Sayil te soulaje, li te santi l byen ankò.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an