1
1 Samyèl 16:7
1998 Haïtienne
Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Konpare
Eksplore 1 Samyèl 16:7
2
1 Samyèl 16:13
Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
Eksplore 1 Samyèl 16:13
3
1 Samyèl 16:11
Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: — Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: — Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l'al mennen mouton m yo al nan manje. Samyèl di li: — Voye chache l, paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.
Eksplore 1 Samyèl 16:11
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo