Lè sa a, Samyèl di li konsa:
— Dapre ou, kisa Senyè a pito? Yon moun k'ap boule bèt sakrifye pou li, yon moun k'ap fè tout lòt kalite sakrifis bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di li fè tout bon? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di li fè a pase pou li fè sakrifis bèt pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou li ofri mouton byen gra bay Senyè a.