1 Samyèl 15

15
Batay kont Amalèk
1Samyèl di Sayil:
— Se #1 Sam 9.16 mwen menm Senyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Kounyeya, koute pawòl Senyè a. 2Men #Egz 17.8-16; Det 25.17-19 sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute sòti peyi Lejip. 3Kounyeya, leve #Lev 27.28,29; Joz 6.17,21 al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Senyè a. Ou p'ap gen pitye pou pèsonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.
4Sayil rele tout sòlda li yo. Li pase yo enspeksyon lavil Telayim. Te gen desanmil (200.000) sòlda apye ki te moun Izrayèl ak dimil (10.000) sòlda ki te moun Jida. 5Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L'al kache kò li nan yon ravin chèch. 6Apre #Egz 18.10,19; Nonb 10.29,32; Jij 1.16; 1 Sam 27.10 sa, li voye avèti moun kenit yo:
— Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun, kenit yo, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la.
Se konsa moun kenit yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo. 7Sayil #Jen 16.7; 25.18; 1 Sam 27.8 bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip. 8Li #1 Sam 27.8,9; 30.1 pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye. 9Sayil #1 Sam 15.15,21; 28.18 ak sòlda li yo pa te touye Agag. Yo pa te touye pi bèl mouton yo, pi bèl bèf yo, ni yo pa te touye okenn bèt ki te bon. Men yo touye tout bèt lèd yo, tout bèt mèg yo pou Bondye.
Bondye bay wa Sayil do
10Senyè a pale ak Samyèl, li di l konsa:
11— Mwen #Jen 6.6; Nonb 23.19; 1 Sam 13.13; 15.3,29,35 regrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè.
Samyèl pat kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Senyè a. 12Nan #Joz 15.55; 1 Sam 25.2 denmen maten, bonè bonè, li sòti al chache Sayil. Yo vin di Samyèl Sayil te ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal. 13Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l bonjou:
— Se pou Senyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m lòd fè.
14Samyèl mande l:
— Ki tout bri mouton ak bèf m'ap tande nan zòrèy mwen konsa?
15Sayil #1 Sam 15.9 reponn li:
— Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Senyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye.
16Samyèl di l konsa:
— Pe bouch ou, tande! Kite m di ou sa Senyè a te vin di m lannwit lan.
Sayil di li:
— Pale non!
17Samyèl #1 Sam 9.21; 10.1 di li:
— Atout yon lè ou te rekonèt ou pat anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Senyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la? 18Li voye ou ale avèk lòd esprè pou ou te touye tout moun Amalèk yo, bann moun sa yo k'ap fè sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout. 19Poukisa #1 Sam 14.32 ou pa koute sa Senyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Senyè a plezi.
20Sayil #1 Sam 15.13 reponn Samyèl li di li:
— Mwen fè tou sa Senyè a te di m 'fè! Mwen mache daprè lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè li. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo pou Bondye. 21Men #1 Sam 15.15 sòlda mwen yo pat touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Senyè a, Bondye ou la.
22#Sòm 40.6-8; 50.8,9; Pwo 21.3; Ekl 5.1; Eza 1.11-13,16,17; Jer 7.22,23; Oze 6.6; Am 5.21-24; Mi 6.6-8; Mat 9.13; 12.7; Mak 12.33 sa a, Samyèl di li konsa:
— Dapre ou, kisa Senyè a pito? Yon moun k'ap boule bèt sakrifye pou li, yon moun k'ap fè tout lòt kalite sakrifis bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di li fè tout bon? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di li fè a pase pou li fè sakrifis bèt pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou li ofri mouton byen gra bay Senyè a. 23Dezobeyi #Jen 31.19; 1 Sam 13.14 Bondye nan sa l mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l wè avè ou ankò!
24Sayil #2 Sam 12.13; Mak 15.15 reponn li:
— Mwen peche, mwen pa fè sa Senyè a te ban m lòd fè. Mwen pat koute pawòl ou te di m lan. Se pè mwen te pè mesye m yo kifè m fè sa yo te vle fè a. 25Men kounyeya, tanpri, padonnen peche m lan. Tounen avè m pou m ka sèvi Senyè a.
26Samyèl #1 Sam 16.1 di li:
— Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.
27Samyèl #1 Wa 11.30,31 fè sa li vire pou l ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire.
28Samyèl #1 Sam 28.17,18 di li:
— Senyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou. 29Bondye #Nonb 23.19; Eze 24.14; Wòm 11.29; 2 Tim 2.12,13; Eb 6.18 ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl.
30Sayil #1 Sam 15.25 reponn li:
— Mwen peche, se vre! Men, pa fè m wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m pou m ka fè sèvis pou Senyè a, Bondye ou la.
31Se konsa Samyèl tounen avèk Sayil, epi Sayil fè sèvis pou Senyè a.
32Apre sa, Samyèl di konsa:
— Mennen Agag, wa moun Amalèk yo, ban mwen.
Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tèlman li te pè. Li t'ap di nan kè l: Ala bagay di, mezanmi, se lanmò! 33Samyèl #Jij 1.7; Jak 2.13 di li:
— Avèk nepe ou, ou fè anpil manman pèdi pitit yo. Koulyeya, nan tout fanm ki sou latè, manman ou pral pèdi pitit pa li tou.
Epi la, devan lotèl Senyè a, li touye Agag nan lavil Gilgal.
34Lèfini, #1 Sam 1.19; 10.26 Samyèl desann lavil Rama. Sayil menm moute al lakay li lavil Gibeya. 35Depi #1 Sam 15.11; 19.24; 25.1 lè sa a, Samyèl pa janm wè wa Sayil ankò jouk li mouri. Men, sa te fè l lapenn anpil pou Sayil. Senyè a menm te regrèt dèske li te fè Sayil wa pèp Izrayèl la.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an