1 Pyè 4:7-19

1 Pyè 4:7-19 HAT98

Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè. Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn. Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou. Mwen swete pou pèsonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li. Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la. Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sa k pral rive moun sa yo ki pa koute bòn nouvèl Bondye a. Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo. Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an