1 Pyè 4:7-19

1 Pyè 4:7-19 1998 Haïtienne (HAT98)

Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè. Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn. Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou. Mwen swete pou pèsonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li. Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la. Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sa k pral rive moun sa yo ki pa koute bòn nouvèl Bondye a. Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo. Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.

1 Pyè 4:7-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

C’est bientôt la fin du monde. Alors soyez des sages, et restez sobres pour pouvoir prier. Avant tout, aimez-vous de tout votre cœur, parce que « l’amour efface beaucoup de péchés » . Recevez-vous les uns les autres dans vos maisons sans vous plaindre. Mettez-vous au service des autres, selon le don que chacun a reçu. Soyez comme de bons serviteurs qui prennent soin des dons variés de Dieu. Celui qui parle doit être le porte-parole de Dieu. Celui qui sert doit servir avec la force que Dieu donne. Alors, tous rendront gloire à Dieu en toutes choses par Jésus-Christ. À lui la gloire et la puissance pour toujours ! Amen. Amis très chers, vous êtes dans le feu de la souffrance. Ne soyez pas surpris, ce n’est pas étonnant ! Ce feu va montrer ce que vous valez. Si vraiment vous participez aux souffrances du Christ, soyez joyeux. Alors, quand vous verrez sa gloire, vous serez également heureux et pleins de joie. Si on vous insulte parce que vous êtes disciples du Christ, quel bonheur pour vous ! L’Esprit de Dieu, l’Esprit glorieux est sur vous ! Parmi vous, si quelqu’un souffre, il ne faut pas que cela lui arrive parce qu’il a tué, parce qu’il a volé, parce qu’il a fait le mal, ou parce qu’il a semé le désordre. Mais s’il souffre parce qu’il est chrétien, il ne doit pas avoir honte. Il doit plutôt remercier Dieu de pouvoir porter le nom du Christ. Oui, c’est le début du jugement, et il commence par la famille de Dieu. S’il commence par nous, qu’est-ce qui va arriver à la fin à ceux qui ne veulent pas croire à la Bonne Nouvelle de Dieu ? Les Livres Saints disent : « C’est déjà difficile pour des gens qui font le bien, d’être sauvés. Alors, les gens mauvais et les pécheurs, qu’est-ce qu’ils vont devenir ? » Ainsi, ceux qui souffrent en faisant ce que Dieu veut doivent se confier à leur Créateur, qui est fidèle, et continuer à faire le bien.

1 Pyè 4:7-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Tout bagay prèt pou fini nan lemonn. Kidonk, fòk nou gen tèt nou an plas epi veye pou n pa fè okenn neglijans nan lapriyè. Sa k pi enpòtan nan tout sa, se pou nou youn renmen lòt anpil, paske lanmou fè nou jwenn padon pou anpil peche. Ouvri kay nou youn bay lòt san plenyen. Se pou chak moun sèvi ak don Bondye ba yo pou byennèt lòt moun. Se kon sa n ap ka byen jere don Bondye ban nou yo. Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan. Nou gen pou n soufri, paske nou se disip Kris. Okontrè, fè kè nou kontan, paske n ap patisipe nan soufrans Kris la. Nou gen pou n kontan nèt ale lè Kris la va parèt nan glwa li. Si yo joure nou paske n ap mache ak Kris, nou se moun beni. Lè sa rive, sa montre Lespri Bondye ki chaje ak glwa a avèk nou. Nou ka soufri se vre, men nou pa dwe ap soufri paske nou touye moun, nou vòlè, nou kreye pwoblèm pou lòt moun osinon paske nou foure bouch nan bagay ki pa gade nou. Men si n ap soufri paske nou se kretyen, nou pa bezwen wont. Nou ta dwe di Bondye mèsi paske nou pote non kretyen. Li lè pou jijman an kòmanse, epi se pèp Bondye a k ap jije anvan. Si l kòmanse avèk nou. Nou pa bezwen mande kisa ki pral rive moun ki pa aksepte Levanjil la. “Si l difisil pou yon bon moun sove, imajine kisa ki pral rive moun k ap naje nan peche ak nan mechanste?” Konsa, moun k ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo, yo dwe kontinye fè sa ki byen epi lage lavi yo nan men Bondye ki fidèl epi ki kenbe pwomès li fè.

1 Pyè 4:7-19 New International Version (NIV)

The end of all things is near. Therefore be alert and of sober mind so that you may pray. Above all, love each other deeply, because love covers over a multitude of sins. Offer hospitality to one another without grumbling. Each of you should use whatever gift you have received to serve others, as faithful stewards of God’s grace in its various forms. If anyone speaks, they should do so as one who speaks the very words of God. If anyone serves, they should do so with the strength God provides, so that in all things God may be praised through Jesus Christ. To him be the glory and the power for ever and ever. Amen. Dear friends, do not be surprised at the fiery ordeal that has come on you to test you, as though something strange were happening to you. But rejoice inasmuch as you participate in the sufferings of Christ, so that you may be overjoyed when his glory is revealed. If you are insulted because of the name of Christ, you are blessed, for the Spirit of glory and of God rests on you. If you suffer, it should not be as a murderer or thief or any other kind of criminal, or even as a meddler. However, if you suffer as a Christian, do not be ashamed, but praise God that you bear that name. For it is time for judgment to begin with God’s household; and if it begins with us, what will the outcome be for those who do not obey the gospel of God? And, “If it is hard for the righteous to be saved, what will become of the ungodly and the sinner?” So then, those who suffer according to God’s will should commit themselves to their faithful Creator and continue to do good.

1 Pyè 4:7-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

La fin de toutes choses est proche. Menez donc une vie équilibrée en faisant preuve de modération, afin d’être disponibles pour la prière. Avant tout, aimez-vous ardemment les uns les autres, car l’amour garde le silence sur un grand nombre de péchés . Exercez l’hospitalité les uns envers les autres, sans vous plaindre. Chacun de vous a reçu de Dieu un don de la grâce particulier : qu’il l’exerce au service des autres comme un bon gérant de la grâce infiniment variée de Dieu. Que celui qui parle transmette les paroles de Dieu. Que celui qui sert accomplisse sa tâche avec la force que Dieu donne. Agissez en toutes ces choses de manière à ce que la gloire en revienne à Dieu par Jésus-Christ, à qui appartiennent la gloire et la puissance pour l’éternité. Amen ! Mes chers amis, ne soyez pas surpris d’avoir été plongés dans la fournaise de l’épreuve, comme s’il vous arrivait quelque chose d’anormal. Au contraire, réjouissez-vous, car vous participez aux souffrances de Christ, afin d’être remplis de joie quand il paraîtra dans toute sa gloire. Si l’on vous insulte parce que vous appartenez à Christ, heureux êtes-vous, car l’Esprit glorieux, l’Esprit de Dieu, repose sur vous. Qu’aucun de vous n’ait à endurer une punition parce qu’il aurait tué, volé ou commis quelque autre méfait, ou encore parce qu’il se serait mêlé des affaires d’autrui ; mais si c’est comme « chrétien » qu’il souffre, qu’il n’en éprouve aucune honte ; qu’il fasse, au contraire, honneur à Dieu en se montrant digne de ce nom. Maintenant a lieu la première étape du jugement : il commence par le temple de Dieu . Et s’il débute par nous, quel sera le sort final de ceux qui refusent de croire à l’Evangile de Dieu ? Comme le dit l’Ecriture, si le juste est sauvé à travers toutes sortes de difficultés, que vont devenir le méchant et le pécheur ? Ainsi donc, que ceux qui souffrent parce qu’ils obéissent à la volonté de Dieu s’en remettent entièrement au Créateur, qui est fidèle, et qu’ils continuent à faire le bien.

1 Pyè 4:7-19

1 Pyè 4:7-19 HAT981 Pyè 4:7-19 HAT981 Pyè 4:7-19 HAT98

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an