1 Pyè 1:13-25

1 Pyè 1:13-25 HAT98

Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt. Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pat konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt. Si lè n'ap lapriyè, nou rele Bondye: Pap, li menm ki pa nan achte figi moun, men k'ap jije tout moun dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete nou sou tè a. Sonje Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk san Kris la menm ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni san ankenn enfimite. Bondye te chwazi l pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou. Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye. Koulyeya, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou. Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. Jan sa ekri nan Liv la: Moun se tankou zèb, Tout bèl yo bèl, se bèlte flè zèb, Zèb la chèch, flè a tonbe. Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a levanjil la te pote ban nou.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Pyè 1:13-25