1 Wa 6

6
Salomon bati Tanp lan
(2 Kwonik 3.1-14)
1Lè sa a te gen katsankatreven (480) lanne depi #2 Kwo 3.1,2; Tra 7.47 pèp Izrayèl la te sòti kite peyi Lejip, Salomon te gen katran depi li t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. Nan mwa Ziv la, ki dezyèm mwa nan kalandriye jwif yo, Salomon mete men nan bati kay Senyè a. 2Kay #2 Kwo 3.3,4 wa Salomon bati pou Senyè a te gen katrevendis pye longè, trant pye lajè ak karantsenk pye wotè. 3Premye pyès devan an te gen kenz pye longè, trant pye lajè. Li te menm lajè ak kay la. 4Miray #Eze 40.16 Tanp lan te gen fennèt ak griyaj bare yo. 5Kole #1 Wa 6.16; Eze 41.5,6 kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dèyè Tanp lan ak pyès dèyè a, li fè bati twa ran pyès, yonn sou lòt. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. 6Chak pyès nan dènye etaj anba a te gen sèt pye edmi lajè. Pyès nan etaj mitan an te gen nèf pye lajè ak pyès nan etaj anwo nèt la te gen dis pye edmi. Miray Tanp lan menm te pi laj anba pase anwo. Konsa, gwo travès plafon yo te chita sou miray yo san yo pat bezwen fouye twou ladan yo. 7Wòch #Egz 20.25; Det 27.5,6; 1 Wa 5.18 yo te sèvi pou bati Tanp lan te pare depi nan min wòch kote yo te jwenn yo a. Konsa, pandan yo t'ap bati Tanp lan pat gen okenn bri mato, bri sizo, ni bri okenn zouti fè. 8Pòt pou antre nan premye chanm anba yo te bay sou bò sid Tanp lan. Te gen eskalye pou moute nan premye ak nan dezyèm etaj yo. 9#1 Wa 6.14,38 Salomon fin bati Tanp lan, li mete yon plafon fèt ak travès ak planch sèd. 10Li bati pyès chanm yo tout arebò Tanp lan. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. Yo te kole kole ak miray kay la. Yo te mare sou miray la ak travès sèd.
11Senyè a pale ak Salomon, li di l konsa:
12— Lè #2 Sam 7.13; 1 Wa 2.4; 9.4; 1 Kwo 22.10 w'a fin bati Tanp lan, si ou mache dapre lòd mwen, si ou fè sa m di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m'a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou. 13M'ap #Egz 25.8; Det 31.6,8; Joz 1.5; Eze 43.7; Rev 21.3 rete nan mitan peyi Izrayèl la, mwen p'ap janm lage yo.
14Se #1 Wa 6.9,38 konsa Salomon fin bati Tanp lan.
Anndan Tanp lan
15Tout miray yo te plake sou anndan ak planch sèd depi planche a rive nan plafon an. Planche a te fèt ak bwa pichpen. 16Li #Egz 26.33,34; 1 Wa 8.6; Eb 9.3; 2 Kwo 3.8 bati sou dèyè Tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Senyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki sòti depi atè rive nan plafon an. 17Pati Tanp lan ki te devan pyès ki apa nèt pou Senyè a #6.17: pyès ki apa nèt pou Senyè a: Pa gen mo sa yo nan tèks ebre a. te gen swasant pye longè. 18Sou anndan, tout miray Tanp lan te kouvri ak planch sèd, ou pat ka wè yon wòch. Planch sèd yo te travay ak desen flè ak ti kalbas sou tout kò yo. 19Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Senyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Senyè a. 20Pyès la te gen trant pye longè, trant pye lajè ak trant pye wotè. Li te kouvri nèt ak lò. Sou devan pyès la yo bati yon lotèl ak bwa sèd, lèfini yo te kouvri li nèt ak lò. 21Tout miray anndan Tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Senyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Senyè a. 22Konsa, #Egz 30.1,3,6; Eze 41.22 tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Senyè a te kouvri nèt ak lò.
23Apre #Egz 37.7-9; 2 Kwo 3.10-13 sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo ak bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Senyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè. 24Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye. 25Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè. 26Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè. 27Salomon #Egz 25.20; 1 Wa 8.7 fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Senyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl dèyò yo touche ak de miray sou kote yo. 28De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò.
29Sou tout miray anndan Tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a. 30Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò. 31Salomon #Eze 41.23-24 fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Senyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la. 32Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò. 33Pòt pyès mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fèt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvèti pòt la. 34Pòt la menm te fèt ak pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bò ki ka fèmen yonn sou lòt. 35Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.
36Li #1 Wa 7.12 fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt. 37Se #1 Wa 6.1 nan katriyèm lanne reny Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Senyè a. 38Tanp lan te fin bati ak tout ti detay li yo, jan yo te fè plan an, nan onzyèm lanne reny Salomon nan uityèm mwa kalandriye jwif yo, ki rele Boul. Salomon te pran setan pou l bati Tanp lan.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte