1 Wa 5

5
Salomon pare materyo Tanp lan
(2 Kwonik 2)
1Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon #2 Sam 5.11; 2 Kwo 2.3 zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l, li voye kèk chèf bò kote l. 2Salomon #2 Kwo 2.3-16 ba yo mesay sa a pou yo pote bay Iram:
3— Ou #1 Kwo 22.8; 28.3 konnen ak lagè David, papa m, te genyen ak peyi ki toupre l yo, li pat kapab bati yon kay kote pou yo adore Senyè a, Bondye li a, toutotan Senyè a pat fè l kraze lènmi l yo anba pye l. 4Men #1 Wa 4.24; 1 Kwo 22.9 kounyeya, Senyè a, Bondye mwen an, ban m lapè sou tout fontyè yo. Mwen pa gen moun pou chache m kont, ni moun pou fè m move kou. 5Senyè a #2 Sam 7.13; 1 Kwo 22.10; 28.6 te fè David, papa m, pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, kounyeya, mwen fè lide bati yon kay pou Senyè a, Bondye mwen an. 6Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. M'a peye mesye ou yo jan w'a vle l la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.
7Lè Iram resevwa mesay Salomon an, sa te fè l plezi anpil. Li di:
— Lwanj jòdi a pou Senyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!
8Apre sa, Iram voye di Salomon:
— Mwen resevwa mesay ou a. M'ap fè tou sa ou mande m fè pou bwa sèd ak bwa pichpen yo. 9Moun #Esd 3.7; Tra 12.20 pa m yo va pote madriye yo desann sòti peyi Liban jouk bò lanmè. Lè y'a rive la, m'a fè yo mare madriye yo fè rado, y'a pouse yo sou lanmè a rive jouk kote w'a chwazi sou kòt la. Rive la, moun pa m yo va demare madriye yo. Lè sa a, w'a fè moun pa ou yo fè rès travay la. Ou menm, w'a ban m pwovizyon pou moun pa m yo.
10Se konsa Iram bay Salomon tout madriye sèd ak madriye pichpen li te bezwen. 11Salomon menm, bò pa l, bay Iram sanmil (100.000) barik ble ak sandimil (110.000) galon lwil oliv chak lanne pou l bay moun li yo manje.
12Senyè a #1 Wa 3.12 kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt.
13Wa #1 Wa 4.6; 9.15 Salomon fè ranmase trantmil (30.000) moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve. 14Li te mete Adoniram reskonsab kòve a. Li separe mesye yo fè twa gwoup, ak dimil (10.000) moun nan chak. Chak gwoup pase yon mwa nan peyi Liban, de mwa lakay yo. Chak fwa yon gwoup tounen, yon lòt al pran plas li. 15Salomon #1 Wa 9.20-22; 2 Kwo 2.18 te gen katrevenmil (80.000) moun ap taye wòch nan min wòch, ak swasanndimil (70.000) moun pou pote yo lavil Jerizalèm, 16san #1 Wa 9.23 konte twamil twasan (3.300) fòmann gouvènè yo te nonmen alatèt mesye sa yo pou kontwole travay yo.
17Wa #1 Wa 6.7; 1 Kwo 22.2 Salomon te bay lòd pou yo taye kèk gwo blòk nan bèl wòch pou sèvi fondasyon kay la. 18Se #Joz 13.5 konsa bòs mason Salomon yo ak bòs mason Iram yo ansanm ak mesye lavil Gebal yo te pare blòk wòch ak bwa pou bati Tanp lan.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte