1 Wa 2

2
Dènye volonte wa David
1Lè David santi li pral mouri, li rele Salomon, pitit gason l lan, li ba li dènye volonte l. Li di l konsa:
2— Talè #Joz 1.6,7; 23.14 konsa, mwen pral kase kòd kite tè sa a tankou tout moun. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou! 3Se #Det 17.18-20; 29.9; 1 Kwo 22.12,13; 28.9 pou ou fè tou sa Senyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè. 4Si #2 Sam 7.12,16,25; 1 Wa 3.6; 8.25; 9.4,5; 11.11-13; Sòm 132.12 ou fè sa, Senyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l te di m si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen. 5Kounyeya, ou #2 Sam 3.27; 20.10 konnen sa Joab, pitit gason Sewouya a, te fè m lè li te touye de jeneral lame pèp Izrayèl la: Abnè, pitit gason Nè a, ak Amasa, pitit gason Jetè a. Ou chonje jan lè sa a pat gen lagè. Li touye yo pou l te ka tire revanj pou moun mesye sa yo te touye pandan lagè. Li touye de inonsan, kifè jouk jounen jòdi a m'ap pote chaj la pou li, m'ap peye konsekans sa li te fè a. 6Ou konnen sa ou gen pou fè. Pa kite se vyeyès ki touye l. 7W'a #2 Sam 9.7; 17.27-29; 19.31-38 aji byen ak pitit gason Bazilayi yo, moun lavil Galarad la. Y'a manje sou tab avè ou, paske yo te aji byen avè m lè mwen t'ap kouri pou Absalon, frè ou la. 8Ou #2 Sam 16.5; 19.18 gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Babourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men lè mwen t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te sèmante devan Senyè a mwen p'ap fè touye li. 9Men ou menm, pa padonnen l sa. Ou gen bon konprann, ou konn sa pou ou fè avè l. Jwenn yon jan pou fè yo touye l atout li fin vye granmoun lan.
Lanmò David
10#2 Sam 5.7; 1 Wa 1.21; Tra 2.29; 13.36 David mouri yo antere l nan lavil David la. 11Li #2 Sam 5.4,5; 1 Kwo 29.26,27 pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la: Pandan setan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm. 12Salomon, #1 Kwo 29.23; 2 Kwo 1.1 pitit gason David la, vin wa nan plas papa li. Gouvènman li te byen chita.
Lanmò Adonija
13Yon jou, Adonija, pitit Agit la, al wè Batcheba, manman Salomon. Batcheba mande l:
— Se yon vizit zanmi ou vin fè m la a?
Adonija reponn:
— Se sa menm!
14Apre sa, li di l:
— Mwen gen yon bagay mwen ta renmen mande ou!
Batcheba di l:
— Kisa l ye?
15Adonija #1 Wa 1.5,25; 1 Kwo 22.9,10; 28.5-7 reponn:
— Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m lan ki wa kounyeya paske se Senyè a ki vle l konsa. 16Bon, yon sèl favè m'ap mande ou. Pa refize m li.
17Batcheba #1 Wa 1.3,4 di l:
— Pale non!
Adonija reponn:
— Tanpri, al mande wa Salomon pou l ban mwen Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm mwen. Mwen konnen li p'ap refize ou sa.
18Batcheba reponn:
— Bon, dakò! M'a pale ak wa a pou ou!
19Se konsa Batcheba al pale ak wa Salomon pou Adonija. Wa a leve kanpe, li vanse al kontre manman li. Li bese tèt byen ba devan li pou salye li. Apre sa, l'al chita sou fòtèy li, epi li bay lòd pou yo pote yon lòt fòtèy pou manman li chita adwat li. 20Batcheba di konsa:
— Mwen ta renmen mande yon ti favè. Tanpri, pa refize m sa.
Wa reponn:
— Manman, mande m sa ou vle. Mwen p'ap refize ou li.
21Batcheba di l:
— Kite Adonija, frè ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li.
22Wa a #1 Wa 1.6,7 reponn manman li, li di li:
— Poukisa w'ap mande m pou m bay Adonija Abichag, tifi lavil Chounam lan? Ou ta mèt tou mande m pou m ba li plas wa a tou, se gran frè m li ye. Lèfini, li gen Abyata, prèt la, ak Joab, pitit Sewouja a, avè l.
23Apre #Rit 1.17 sa Salomon fè sèman sa a devan Senyè a:
— Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l mande m la a! 24Senyè a #Rit 3.13; 2 Sam 7.11; 1 Kwo 22.10 vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fòtèy David, papa mwen. Li kenbe pwomès li, li mete mwen chèf. Lèfini, li di se pitit mwen ki pou vin chèf apre mwen. Mwen sèmante devan Senyè a: Se pou Adonija mouri jodi a menm.
25Se #2 Sam 8.18 konsa Salomon bay Benaja, pitit gason Jeojada a, lòd pou l'al touye Adonija. Benaja ale, li touye Adonija.
Salomon revoke Abyata
26Apre #Joz 21.18; 1 Sam 22.20-23; 23.6; 2 Sam 15.24,29 sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l konsa.
— Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Senyè a devan David, papa m. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l.
27Salomon #1 Sam 2.27-36 revoke Abyata, li enpoze l sèvi tankou prèt Senyè a. Se konsa, sa Senyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.
Salomon touye Joab
28#2 Sam 17.25; 18.2; 1 Wa 1.7,50 Joab vin konnen sa ki te rive, li kouri al kache nan Tant Randevou a. Li kenbe kòn lotèl la pou yo pa touye l. Joab te pran pozisyon pou Adonija, men li pat janm pran pozisyon pou Absalon. 29Y'al di Salomon men Joab kouri al kache nan Tant Randevou a, li kanpe bò lotèl la. Salomon voye Benaja, pitit Jeojada a, pou touye Joab. 30Benaja #2 Wa 11.15 ale nan Tant Randevou a, li di Joab konsa:
— Wa a bay lòd pou ou sòti la a.
Joab reponn:
— Non. Se isit la m'ap mouri.
Benaja tounen al jwenn wa a, li rapòte l repons Joab te ba li a. 31Wa a #Egz 21.14; Nonb 35.33; Det 19.13; 21.8,9 reponn:
— Fè jan li di ou la. Touye l, lèfini, antere l. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo. 32Senyè a #Jij 9.24; 2 Sam 3.27; 20.9,10 pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m, pat konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l: Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a. 33Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Senyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l yo kè poze.
34Se konsa, Benaja tounen nan Tant Randevou a, li touye Joab. Yo antere Joab lakay li nan dezè a. 35Apre #1 Wa 2.27; 4.4; 1 Kwo 29.22 sa, wa a mete Benaja kòmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadòk, prèt la, nan plas Abyata.
Lanmò Chimeyi
36Apre sa, wa a voye chache Chimeyi, li di l konsa:
— Bati yon kay pou ou isit nan lavil Jerizalèm. Se la mwen vle ou rete. Piga ou janm kite lavil la. 37Mwen #2 Sam 1.16; 15.23 tou pale ou, jou ou sòti kite lavil la, jou ou janbe lòt bò ravin Sedwon an, w'ap mouri wi. Mwen ki di ou sa. Se ou menm ki va reskonsab nenpòt sa ki va rive ou.
38Chimeyi reponn:
— Dakò, monwa. M'a fè sa ou di a.
Se konsa Chimeyi rete lontan lavil Jerizalèm. 39Twazan #1 Sam 27.2 apre sa, de nan esklav Chimeyi yo sove, y'al lakay Akich, pitit gason Maka a, ki te wa lavil Gat. Yo vin di Chimeyi esklav li yo te lavil Gat. 40Chimeyi leve, li sele bourik li, l'al chache esklav li yo lakay Akich lavil Gat. Apre sa, li tounen lakay li ansanm ak esklav li yo. 41Yo fè Salomon konnen Chimeyi te sòti lavil Jerizalèm ale lavil Gat epi li tounen. 42Wa a voye chache Chimeyi, li di li konsa:
— Mwen te kwè mwen te fè ou pwomèt devan Senyè a pou ou pa janm kite lavil Jerizalèm! Mwen te tou pale ou. Jou w'a sòti lavil Jerizalèm pou ale nenpòt ki kote, w'ap mouri. Eske ou pat reponn mwen ou te dakò avè m, ou t'ap fè tou sa mwen mande ou la? 43Poukisa atò ou pa kenbe pwomès ou te fè devan Senyè a? Poukisa ou dezobeyi m? 44Ou #1 Sam 25.39; 2 Sam 16.5-14 konnen byen pwòp tou sa ou te fè David, papa m. Senyè a pral pini ou pou sa. 45Men, l'ap beni m, mwen menm Salomon. L'ap fè gouvènman fanmi David la chita pou tout tan.
46Apre #2 Kwo 1.1 sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lòd. Benaja sòti, l'al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lè sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an