1 Wa 1

1
David fin granmoun
1David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj #1 Kwo 23.1 sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou. 2Lè sa a, moun pa l yo di l:
— Monwa, nou pral chache yon jenn fi ki tifi toujou pou rete avè ou, pou pran swen ou. L'a kouche kole avè ou pou chofe ou.
3Yo mete chache yon bèl jenn fi nan mitan tout peyi Izrayèl la. Yo rive jwenn yonn nan ti bouk Chounam. Li te rele Abichag. Yo mennen li bay wa a. 4Se te yon bèl bèl fi. Li pran swen wa a, li sèvi l. Men, wa a pa janm kouche avè l.
Adonija vle plas wa a
5#1 Sam 8.11; 2 Sam 3.4; 15.1 sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di:
— Se mwen menm ki pou wa.
Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l lè li sou cha pa l. 6Men, #2 Sam 3.3; 1 Kwo 3.2 depi li piti, papa a te gate l, li toujou kite l fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.
7Adonija #2 Sam 2.18; 20.25 pale avèk Joab, pitit gason Sewouya a, ansanm ak Abyata, prèt la. De mesye sa yo dakò pou mete tèt ansanm avè l. 8Men #2 Sam 8.18; 12.1; 20.25; 23.8; 1 Wa 4.18 Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija.
9Yon #Joz 15.7 jou, Adonija fè yon gwo sèvis bò wòch Zowelèt, toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak jenn chatre bèf sou lotèl la. Li envite tout lòt frè li yo, pitit David yo, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida ki t'ap travay ak papa li. 10Men, #2 Sam 12.24 li pat envite ni Natan, ni Benaja, ni vanyan sòlda David yo, ni Salomon, frè menm papa avè l la.
Natan ak Batcheba pou Salomon
11#2 Sam 11.3 sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l konsa:
— Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gentan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen. 12Kounyeya, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan. 13Ou #1 Wa 1.30; 1 Kwo 22.9 prale jwenn wa a, w'ap di l konsa: Monwa, se pa ou menm ki te fè m sèman se Salomon, pitit gason m lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki ta pral chita sou fòtèy la nan plas ou? Kijan fè se Adonija ki wa kounyeya? 14Pandan w'ap pale ak wa a konsa, mwen menm m'ap antre dèyè ou, m'ap di wa a menm bagay la tou.
15Se konsa, Batcheba al jwenn wa a nan chanm li. Wa a te fin granmoun. Se Abichag, moun lavil Chounam lan, ki t'ap pran swen li. 16Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa a mande l:
— Kisa ou vle?
17Li reponn, li di konsa:
— Monwa, ou te fè m sèman devan Senyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki t'ap chita sou fòtèy la nan plas ou. 18Men kounyeya, Adonija gentan wa sou nou la a. Ou menm, monwa, ou pa konn sa. 19Li fè sèvis pou Bondye. Li touye yon pakèt mouton, gwo bèf, jenn chatre bèf. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, Abyata, prèt la, Jowab, kòmandan chèf lame a. Men li pa envite salomon, pitit gason ou lan. 20Kounyeya, monwa, je tout pèp Izrayèl la sou ou, y'ap tann ou di yo ki moun ki pral chita sou fòtèy la apre ou. 21Si #2 Sam 7.12; 1 Wa 2.10 ou pa fè sa, monwa, lè w'a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y'ap touye nou pou move je.
22Batcheba pat ankò fin pale ak wa a lè pwofèt Natan rive nan palè a. 23Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a. 24Lèfini, li di konsa:
— Monwa, mèt mwen, eske se ou menm ki di se Adonija ki pou wa apre ou, se li ki pou chita sou fòtèy la nan plas ou? 25Paske #2 Sam 16.16 jodi a l'ale, li fè sèvis pou Bondye. Li touye gwo bèf, jenn chatre bèf ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulyeya, y'ap manje, y'ap bwè avè li, epi y'ap rele: Viv wa Adonija! 26Men, monwa, li pa envite ni mwen, ni Zadòk, prèt la, ni Benaja, pitit Jeojada a, ni Salomon, pitit gason ou lan. 27Eske se monwa ki bay lòd fè sa san ou pa fè moun k'ap sèvi ou yo konnen ki moun ki pral chita sou fòtèy la nan plas ou?
David mete Salomon wa
28Wa David reponn, li di:
— Rele Batcheba pou mwen, tanpri!
Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a. 29#2 Sam 4.9 sa a, wa a sèmante, li di konsa:
— Mwen sèmante devan Senyè vivan an, li menm ki te delivre m' anba tout tray mwen yo. 30Sa m te #1 Wa 1.13 pwomèt ou pou m fè nan non Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fòtèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.
31Batcheba #Ney 2.3; Da 2.4 tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li byen ba jouk atè, li di:
— Se pou yo toujou fè lwanj wa David, mèt mwen!
32Lè sa a, wa David voye chache Zadòk, prèt la, Natan pwofèt la, ak Benaja, pitit gason Jeojada a. Lè yo parèt devan wa a, 33wa a #Estè 6.8 di yo konsa:
— Pran tout chèf gouvènman m yo. Fè Salomon, pitit gason m lan, moute sou milèt pa m lan. Nou tout va desann avè l bò sous Giyon an. 34#1 Sam 10.1; 2 Sam 15.10; 1 Wa 1.25; 2 Wa 11.14 n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l apa pou l sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon! 35Lèfini, #1 Sam 9.16; 13.14 n'a pran mache dèyè l, n'a tounen isit la. Salomon va vin chita sou fòtèy mwen an. L'a pran plas mwen, paske se li menm mwen chwazi pou gouvènen pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a.
36Benaja, #Jer 28.6 pitit gason Jeojada a, reponn wa a:
— Se sa menm! Se Senyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou! 37Menm #1 Sam 20.13; 1 Wa 10.23; 1 Kwo 29.25 jan Senyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen.
38Zadòk, #2 Sam 8.18; 1 Wa 1.33 prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l bò sous Giyon an. 39Zadòk, #1 Sam 10.1; 2 Sam 6.17; 1 Kwo 29.22; Sòm 89.20 prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevwa a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon! 40Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.
Salomon padonnen Adonija
41Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande:
— Poukisa tout bri sa a nan lavil la?
42Li #2 Sam 15.27,36; 18.27 pat ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l konsa:
— Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bòn nouvèl ase pou ou pote!
43Jonatan reponn, li di Adonija konsa:
— Nouvèl yo pa bon menm. Wa David, chèf nou an, fè Salomon wa. 44Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a. 45Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l apa pou l sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y'ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a. 46Lèfini, #1 Kwo 29.23 Salomon moute chita sou fòtèy wa a. 47Tout #Jen 47.31; 1 Wa 1.37 moun k'ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye. 48Li #1 Wa 3.6; Sòm 132.11,12 di: Lwanj pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fòtèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m wè sa anvan m mouri.
49Lè sa a, tout envite Adonija yo pran tranble. Yo tout leve, y'al fè wout yo, chak moun bò pa yo. 50Adonija #Egz 27.2 menm bò pa l te sitèlman pè pou Salomon pa touye l, li leve, li kouri ale nan Tant Randevou a, li kenbe kòn lotèl la. #1.50: Li kenbe kòn lotèl la: Lotèl la te gen kat pwent kanpe nan kat kwen yo. Yo te sanble kòn bèf. Dapre kwayans moun sa yo, depi yon moun kenbe yonn nan kòn yo pèsonn pa gendwa fè l anyen.
51Y'al di wa Salomon:
— Adonija sitèlman pè pou monwa pa touye l, l'al kache bò lotèl la. Li di li vle pou wa Salomon fè l sèman jòdi a menm li p'ap fè yo touye l.
52Salomon #1 Sam 14.45; Tra 27.34 reponn:
— Si mesye aji tankou moun debyen, yon grenn cheve nan tèt li p'ap tonbe. Men, si li fè sa li pat dwe fè, l'ap mouri.
53Salomon voye chache Adonija sòti bò lotèl la. Yo fè l desann lotèl la. Li vin bese byen ba devan wa Salomon. Wa a di l konsa:
— Ou mèt al lakay ou.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an