1 Korent 14

14
Kèsyon kado Sentespri bay yo
1Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou #1 Kor 12.10,31 nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesay ki sòti nan Bondye yo. 2Moun k'ap pale langay, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pèsonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun. 3Okontrè, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo. 4Moun k'ap pale langay, se konfyans pa l ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs.
5Mwen #Nonb 11.29 dakò pou nou tout pale langay. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Moun k'ap bay mesay konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langay, esèpte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou. 6M'ap mande nou kichòy, frè m yo: Si m vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m pale langay? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesay ki sòti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou.
7Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè? 8Si moun k'ap kònen klewon an pa fè son yo sòti klè, ki sòlda ki pral pare kò l pou l'al goumen? 9Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesay w'ap bay an langay la pa klè? Se pou van w'ap pale! 10Moun pale divès kalite lang sou latè, men pa gen yonn ki pa gen sans. 11Men, si m pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avè m lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li. 12Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki sòti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans.
13Se sa k fè, lè yon moun ap pale langay, se pou l mande Bondye don pou l ka esplike sans mo yo. 14Lè m'ap lapriyè nan langay, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay. 15Kisa m #Ef 5.19 pral fè kounyeya? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou. 16Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langay, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn “amèn” lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a? 17Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite.
18Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale langay pase nou tout. 19Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m di yon pakèt mo nan langay.
20Frè m #Ef 4.14; Fil 3.12,15 yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay. 21Men #Det 28.49; Eza 28.11,12 sa ki ekri nan Liv lalwa a:
M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang.
Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen.
22Se Bondye menm ki di sa. Se sa k fè, lè yon moun gen don pou l pale langay, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l bay mesay ki sòti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la.
23#Tra 2.13 tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langay, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, eske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye? 24Men, #Tra 4.13 si tout moun ap bay mesay ki sòti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l vin rive, sa la tande a va fè l wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li. 25Tout #Jan 4.19; 16.8; Eza 45.14; Da 2.47; Zak 8.23 lide li te gen kache nan kè l ap parèt deyò. Lè sa a, l'a bese tèt li, l'a adore Bondye, l'a di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.
Fòk gen lòd nan legliz la
26Pou #1 Kor 11.18; 12.8; Ef 4.12 fini, kisa m vle di menm, frè m yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l chante, yon lòt va gen kichòy pou l moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l bay, yon lòt ankò va gen yon mesay an langay, yon lòt menm va bay esplikasyon mesay la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa. 27Si gen moun k'ap pale langay, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a. 28Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langay yo tou rezinyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kè yo ak Bondye. 29Pou #1 Tes 5.21; Tra 17.11 moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se de ou twa ase ki pou pran lapawòl. Tout lòt yo va jije sa y'ap di a. 30Men, si yon moun nan asanble a resevwa yon revelasyon nan men Bondye, se pou moun k'ap pale a pe bouch li. 31Nou tout kapab bay mesay ki sòti nan Bondye, yonn apre lòt. Konsa, tout moun va aprann kichòy, tout moun va ankouraje. 32Moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an. 33Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze.
Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a, 34fanm #1 Kor 11.3; Tit 2.5; 1 Tim 2.12; Ef 5.22; Jen 3.16 pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. 35Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a.
36Eske se lakay nou pawòl Bondye a sòti? Osinon, eske se nou menm ase ki te resevwa li? 37Si #1 Jan 4.6 yon moun kwè se Bondye ki voye l, osinon si li kwè li resevwa kèk don ki sòti nan Sentespri Bondye a, se pou l rekonèt sa m ekri a se yon lòd ki sòti nan Senyè a. 38Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l ankò.
39Konsa, frè m yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesay ki sòti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langay. 40Men, #Kol 2.5 tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplin.

Chwazi Kounye ya:

1 Korent 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an