1 Korent 13

13
Renmen
1Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri. 2Menm #Mat 7.22; 17.20 si m'ta gen don pou bay mesaj Bondye a, menm si m'ta gen anpil anpil konesans, menm si m'ta konprann tout sekrè nan mistè Bondye, menm si m'ta gen anpil anpil lafwa jouk m'ta rive fè san sot nan wòch, si m'pa gen lacharite, sa p'ap sèvi mwen anyen. 3Menm #Mat 6.2 si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, #13.3: pou yo boule vif: Gen maniskri ki bay pou m ta ka vante tèt mwen. si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.
4Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun. 5Lamou #Zak 8.17; Fil 2.4 pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè. 6Lamou #Wòm 12.9 tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre. 7Lacharite #Pwo 10.12; 1 Kor 9.12; Wòm 15.1 pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
8Lamou #1 Pyè 4.8 pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini. 9Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. 10Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt.
11Se tankou lè m'te timoun piti. M'te pale, m'te panse, m'te reflechi tankou timoun piti. Men lè m'vin gran, m'kite lespri timoun nan. 12Epi, #2 Kor 5.7; Jak 1.23 pou reyalite koulyeya, sa nou wè a se annik yon imaj tou twoub nou apèsi, se tankou yon pòtre n'ap devinen nan yon gas. Men, pita, nou pral fasafas. Koulyeya, nou pa fin konnen tout bagay. Gen yon jou m'ap konnen nèt jan Bondye konnen mwen an.
13Koulyeya, #1 Tes 1.3; 1 Jan 4.16 gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

Chwazi Kounye ya:

1 Korent 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an