Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa:
— Salomon, pitit gason m lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Senyè a. Mwen fè sa mwen te kapab fè pou m' prepare materyo pou Tanp lan: lò, lajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt pyè koulè, tout kalite pyè koute chè ak mab ankantite. Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Senyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil: sanmil (100.000) kilo bon lò ki sòti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan, pou fè tout bèl bagay lò osinon lajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulyeya, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye?
Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan.