1 Kwonik 29

29
Kado pou bati Tanp lan
1Lèfini, David pale ak tout moun ki #1 Wa 3.7; 1 Kwo 22.5; 29.19 te sanble la yo, li di yo konsa:
— Salomon, pitit gason m lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Senyè a. 2Mwen fè sa mwen te kapab fè pou m' prepare materyo pou Tanp lan: lò, lajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt pyè koulè, tout kalite pyè koute chè ak mab ankantite. 3Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Senyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil: 4sanmil #1 Wa 9.28; 1 Kwo 22.14 (100.000) kilo bon lò ki sòti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan, 5pou #Egz 32.29 fè tout bèl bagay lò osinon lajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulyeya, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye?
6#1 Kwo 27.25-31; 28.1 sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. 7Yo #Esd 2.69; Ney 7.70-72 bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. 8Sa #1 Kwo 23.8; 26.21 ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. 9Pèp #2 Kor 9.7 la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Senyè a paske yo te fè l ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil. 10#Lik 1.68 sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa:
— Lwanj pou ou, Senyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! 11Senyè, #1 Tim 1.17; Rev 5.12,13 ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. 12Se #2 Kwo 1.12; 20.6; Wòm 11.36; Jak 1.17 nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. 13Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.
14Men, kisa m ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo sòti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. 15Senyè, #Lev 25.23; Jòb 14.2; Sòm 102.11; 144.4; 1 Pyè 2.11 ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nyaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. 16Senyè, #Jak 1.17 Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo sòti, se pou ou yo tout ye. 17Mwen #1 Kwo 28.9; Pwo 11.20; 17.3; Jer 17.10; 2 Kor 9.7 konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Kounyeya mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo. 18Senyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a. 19Tanpri, #1 Kwo 22.12-14; 29.1,2; Sòm 72.1 bay Salomon, pitit gason m lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l ka bati Tanp lan avèk tout materyo mwen fin pare yo.
20Apre #Egz 4.31 sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo:
— Annou fè lwanj pou Senyè a, Bondye nou an!
Tout pèp la nèt pran fè lwanj Senyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Senyè a ak devan wa a. 21Nan #Jen 35.14 denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Senyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Senyè a: antou mil (1.000) ti towo bèf, mil (1.000) belye mouton, mil (1.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la. 22Jou #1 Wa 1.33-39; 2.35; 1 Kwo 23.1 sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan devan Senyè a. Apre sa, yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis konsakre li chèf nan non Senyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou li sèvi granprèt nan non Senyè. 23Se #1 Wa 2.12; 1 Kwo 28.5; 2 Kwo 9.8 konsa Salomon pran plas David, papa l, sou fòtèy gouvènman Senyè a te tabli a. Tout zafè l te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l. 24Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo. 25Senyè a #2 Kwo 1.1,12; Ekl 2.9; Mat 6.29 te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa okenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pat janm genyen anvan sa.
Lanmò David
(1 Wa 2.10-12)
26David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la. 27Li #2 Sam 5.4,5; 1 Wa 2.11 pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan setan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm. 28#1 Kwo 23.1; Tra 13.36 li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.
29Se #1 Sam 22.5; 2 Sam 12.1; 1 Kwo 21.9; 26.28 nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri. 30Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l, tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 29: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an