Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo. Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt. Ale jwenn Senyè a pou l ka ede nou. Toujou chache rete devan li. Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te sòti nan bouch li. Senyè a, se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd, se pou tout latè. Toujou chonje kontra li a. L'ap kenbe pwomès li pou tout tan tout tan.
Li 1 Kwonik 16
Koute 1 Kwonik 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kwonik 16:8-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo