1 Kwonik 16

16
1Yo pote Bwat Kontra Senyè a, yo #1 Kwo 15.1 mete l nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi. 2#2 Sam 6.18,19 David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Senyè a. 3Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li bay yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen.
4David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l, pou di l mèsi, pou fè lwanj li. 5Li #1 Kwo 6.39 mete Asaf chèf ak Zakari pou vin apre li. Sou zòd yo te gen Aziyèl, Chemiramòt, Jekiyèl, Matitya, Eliyab, Benaja, Obèd-Edon, Jeyèl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fè gwo bri yo. 6Se Benaja ak Jaziyèl, prèt yo, ki te pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra Bondye a tout tan.
Chante pou di Bondye mèsi
(Sòm 105.1-15; 96.1-13; 106.47-48)
7Se lè sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lòt moun Levi yo reskonsabilite pou yo fè lwanj Senyè a.
8Lwanj #Sòm 105.1-15 pou Senyè a!
Fè konnen jan li gen pouvwa!
Fè nasyon yo konnen sa li fè!
9Chante pou li! Fè lwanj li!
Rakonte tout bèl bagay li te fè yo.
10Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l.
Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt.
11Ale #Sòm 27.8 jwenn Senyè a pou l ka ede nou.
Toujou chache rete devan li.
12-13Nou #Sòm 143.5 menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a,
Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo,
chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo.
Chonje jijman ki te sòti nan bouch li.
14Senyè a, #Jen 18.25; Eza 26.9 se Bondye nou li ye.
Lè li pase yon lòd, se pou tout latè.
15Toujou chonje kontra li a.
L'ap kenbe pwomès li pou tout tan tout tan.
16Se #Jen 17.2; 26.3; Lik 1.73 kontra li te fè ak Abraram lan,
sèman li te fè bay Izarak la.
17Sa #Jen 35.11,12 li te pwomèt Abraram lan, li fè l tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo,
yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
18Li #Jen 13.15; 15.18 te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an
pou pòsyon pa ou nan byen m yo.
19#Jen 23.4; Det 7.7; Eb 11.9 sa a, pèp Bondye a pat anpil.
Yo te sèlman yon ti ponyen moun.
Yo te tankou etranje toujou nan peyi a.
20Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo.
Yo t'ap sòti nan yon peyi ale nan yon lòt.
21Men, #Jen 12.17; 20.3 li pat kite pèsonn maltrete yo.
Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.
22Li #Jen 20.7 te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo.
Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
23Nou #Sòm 96.1-13 tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a!
Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
24Fè nasyon yo konnen pouvwa li.
Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
25Senyè a #Sòm 145.3 gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre.
Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.
26Bondye #Sòm 115.4-8,15; Eza 42.5; 44.24; Jer 10.11,12; 1 Kor 8.4 lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye.
Men, se Senyè a ki fè syèl la.
27Devan li, se respè, se chapo ba.
Gen pouvwa, gen kè kontan kote l ye lakay li a.
28Nou #Sòm 29.1 tout pèp ki sou latè, fè lwanj Senyè a!
Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
29#2 Kwo 20.21; Sòm 29.2 lwanj Senyè a, paske li merite sa!
Pote ofrann ba li anndan lakay li!
Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!
30Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l.
31Se #Sòm 93.1; 97.1; 99.1; Eza 49.13; Rev 11.15,17 pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt.
Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa.
32Se #Sòm 98.7,9 pou lanmè a ak tou sa ki ladan li gwonde. Wi, se pou yo gwonde tank yo kontan.
Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.
33Lè Senyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan.
Paske l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè.
34Lwanj #Sòm 106.1; 107.1; 118.1; 136.1 pou Senyè a paske li bon.
Li p'ap janm sispann renmen nou.
35Se #Sòm 106.47,48 pou #Tra 26.17 nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou!
Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo.
Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi
pou tout bagay ou menm sèl ka fè,
pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
36Ann #Ney 2.3; Sòm 41.13; 72.18,19; 1 Kor 14.16 fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la!
Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan.
Epi tout pèp la pran reponn:
— Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!
37Lèfini, #1 Kwo 16.4,5 David kite Asaf ak moun Levi menm fanmi avè l yo devan Bwat Kontra Senyè a pou yo toujou reskonsab tout sèvis ki pou fèt kote yo te mete Bwat Kontra a. Yo te gen pou fè sèvis yo la chak jou san rete. 38Obèd-Edon #1 Kwo 26.4,10 ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo.
39Men #1 Wa 3.4; 1 Kwo 15.11 David kite Zadòk, prèt la, ak moun Levi menm fanmi avè l yo ki te prèt tou devan Tant Senyè a, nan kote yo te mete apa pou Senyè a lavil Gabawon. 40Chak #Egz 27.1; 29.38-41; Nonb 28.3-8 maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Senyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Senyè a te bay pèp Izrayèl la. 41Te #1 Kwo 6.33; 25.1,3,6; 2 Kwo 5.13; 20.21; Esd 3.11; Jer 33.11 gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Senyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou. 42Eyman ak Jedoutoun te gen twonpèt, senbal ki fè gwo bri yo ak lòt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pòtay yo.
43Apre #2 Sam 6.19,20 sa, tout pèp la tounen lakay yo. David tounen lakay li tou pou l beni fanmi pa l tou.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte