1 Kwonik 16:7-36

1 Kwonik 16:7-36 HAT98

Se lè sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lòt moun Levi yo reskonsabilite pou yo fè lwanj Senyè a. Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo. Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt. Ale jwenn Senyè a pou l ka ede nou. Toujou chache rete devan li. Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te sòti nan bouch li. Senyè a, se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd, se pou tout latè. Toujou chonje kontra li a. L'ap kenbe pwomès li pou tout tan tout tan. Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la. Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. Li te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon pa ou nan byen m yo. Lè sa a, pèp Bondye a pat anpil. Yo te sèlman yon ti ponyen moun. Yo te tankou etranje toujou nan peyi a. Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t'ap sòti nan yon peyi ale nan yon lòt. Men, li pat kite pèsonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo. Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Senyè a ki fè syèl la. Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l ye lakay li a. Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! Fè lwanj Senyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l. Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa. Se pou lanmè a ak tou sa ki ladan li gwonde. Wi, se pou yo gwonde tank yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Lè Senyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè. Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou. Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: — Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an