1
Matye 18:20
1998 Haïtienne
Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
Konpare
Eksplore Matye 18:20
2
Matye 18:19
— Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li.
Eksplore Matye 18:19
3
Matye 18:2-3
Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Eksplore Matye 18:2-3
4
Matye 18:4
Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Eksplore Matye 18:4
5
Matye 18:5
Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.
Eksplore Matye 18:5
6
Matye 18:18
— Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou.
Eksplore Matye 18:18
7
Matye 18:35
— Se konsa Papa m ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.
Eksplore Matye 18:35
8
Matye 18:6
— Imajine moun ki ta fè tonbe nan peche yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an! Franchman, prefere yo mare yon pwasenkant nan kou li, epi lage li nan fon lanmè.
Eksplore Matye 18:6
9
Matye 18:12
— Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, eske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou l'ale chache mouton ki pèdi a?
Eksplore Matye 18:12
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo