1
Mak 2:17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Comparer
Explorer Mak 2:17
2
Mak 2:5
Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”
Explorer Mak 2:5
3
Mak 2:27
Jezi di yo ankò: “Saba te fèt pou moun, men se pa moun ki te fèt pou saba
Explorer Mak 2:27
4
Mak 2:4
Men yo pa t ka fè paralize a rive devan Jezi poutèt foul la. Konsa yo fè yon twou sou do kay la, kote Jezi te ye a epi yo glise malad la desann ak tout kabann li bay Jezi.
Explorer Mak 2:4
5
Mak 2:10-11
Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
Explorer Mak 2:10-11
6
Mak 2:9
Ki sa ki pi fasil pou m di paralitik la: Peche w yo padone, oubyen leve, pran kabann ou epi mache?
Explorer Mak 2:9
7
Mak 2:12
Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.
Explorer Mak 2:12
Accueil
Bible
Plans
Vidéos