YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 6

6
1Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala #Dan 7:3 te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz. 2Nan premye cha a, te gen #Za 1:8 cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa. 3Nan twazyèm cha a te gen #Rev 6:2 cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm. 4Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: #Za 1:9 “Kisa sa yo ye, mèt mwen?”
5Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se #Jr 49:36 kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a. 6Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan #Jr 1:14,15peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan #És 43:6 peyi sid la.” 7Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka #Za 1:10 mache ale retou sou tout latè. Konsa, yo te mache ale retou sou latè a.
8Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te #Éz 5:13 apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”
9Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: #Za 1:1 10#Esd 7:14-16 “Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja. Ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan. 11Pran ajan ak lò, fè yon #II Sam 12:30 kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. 12Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele #És 4:2 Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a. 13Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va #És 9:6pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon #Sòm 110:1,4 prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’” 14Alò #Za 6:11 kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
15 # És 56:6-8 Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.

Currently Selected:

Zacharie 6: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in