YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 5

5
1Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. #Jr 36:2 2Konsa, li te di mwen: #Za 4:2“Kisa ou wè la a?”
Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”
3Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki #Egz 20:15vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki #Lev 19:12 fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. 4Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va #Os 4:2,3antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va #Lev 14:34,35 detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
5Epi #Za 1:9 zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”
6Mwen te di: “Kisa li ye?”
Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.#Lev 19:36 7Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.#Os 12:7 8Zanj la te di: “Sa se #Os 12:7 Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.
9Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a #Lev 11:13 sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la. 10Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”
11Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi la va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”

Currently Selected:

Zacharie 5: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in