Sòm Yo 99
99
1SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.
Li #Egz 25:22 plase twòn Li an anwo cheriben yo.
Kite latè pran tranble!
2SENYÈ a gran nan Sion.
Li #Sòm 97:9 leve wo anwo tout pèp yo.
3Kite yo louwe non Ou ki #Det 28:58 gran e mèvèye;
Se sen ke Li ye.
4Pwisans a Wa a #Sòm 11:7 renmen lajistis.
Ou te etabli ekite.
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
5Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!
#
Sòm 132:7 Adore nan machpye twòn Li an.
Se sen ke Li ye.
6Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.
Yo te #Egz 15:25 rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
7Li #Egz 33:9 te pale ak yo nan pilye nwaj la.
Yo te kenbe temwayaj Li yo,
avèk règleman ke Li te bay yo.
8O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.
Ou te pou yo yon Bondye ki padone,
men Ou te pran #Egz 32:28vanjans sou zak mechan yo.
9Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan mon sen Li an,
paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!
Currently Selected:
Sòm Yo 99: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith