Sòm Yo 100
100
Yon Sòm Remèsiman an
1 #
Sòm 95:1
Rele fò a SENYÈ tout latè a!
2 #
Det 12:11-12
Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!
Vini devan Li avèk chan lajwa.
3Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.
Se Li menm ki te #Job 10:3-8 fè nou, e se pou Li nou ye.
Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
4Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,
e nan lakou Li yo avèk lwanj.
Ba Li remèsiman!
Beni non Li!
5Paske Bondye bon.
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,
#
Sòm 119:90
e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
Currently Selected:
Sòm Yo 100: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith