YouVersion Logo
Search Icon

Sòm Yo 101

101
Yon Sòm David
1Mwen va #Sòm 51:14 chante de lanmou dous avèk jistis.
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
2Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.
Kilè Ou va vini kote mwen?
Mwen va mache anndan lakay mwen ak #I Wa 9:4entegrite nan kè m.
3Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki #Jos 23:6 chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
4Yon #Pwov 11:20 kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
5Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,
li menm, mwen va detwi.
Nenpòt moun ak #Sòm 10:4rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
6Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen #Sòm 119:1 san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
7Sila ki #Sòm 43:1pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
8Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab #Sòm 118:10-12koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.

Currently Selected:

Sòm Yo 101: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

Video for Sòm Yo 101