YouVersion Logo
Search Icon

Marc 15

15
1 # Mat 27:1 Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.
2 # Mat 27:11-14 Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?”
Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
3Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.
4Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”
5Men Jésus #Mat 27:12pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.
6 # Mat 27:15-26 Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo. 7Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun. 8Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a. 9Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?” 10Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.
11Men chèf prèt yo te chofe foul la #Trav 3:14pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
12Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”
13Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”
14Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”
15Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus #Mat 27:26ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.
16 # Mat 27:27-31 Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye. 17Yo te abiye Li an mov, e lè yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li. 18Konsa, yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!” 19Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li. 20Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li. 21#Mat 27:32Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.
22Konsa, yo te #Mat 27:33-44mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt. 23Yo te eseye bay Li #Mat 27:34diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li. 24Epi yo te krisifye Li e te #Sòm 22:18divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.
25Se te nan #Mc 15:33twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.
26Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: #Mat 27:37“Wa a Jwif yo”.
27Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li. 28Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: #És 53:12“Epi Li te konte pami malfektè yo.”
29Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap #Sòm 22:7souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap #Mc 14:58detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 30Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”
31Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: #Mat 27:42“Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.” 32“Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” #Mat 27:44Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
33 # Sòm 22:1 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
# Sòm 22:1 35Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”
36Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
37 # Mat 27:50 Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.
38 # Egz 26:31-33 Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.
39 # Mat 27:54 Lè santenye Women nan, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”
40 # Luc 23:49 Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, avèk Joset, e Salomé. 41Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e #Mat 27:55sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
42Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a, #Mat 27:57-61 43Joseph Arimathée #Mat 27:57te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te #Jn 19:38ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
44Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja. 45Konsa, lè l vin konprann sa selon #Mc 15:39santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.
46Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.
47 # Mat 27:56 Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.

Currently Selected:

Marc 15: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in