YouVersion Logo
Search Icon

Marc 14

14
1 # Mat 26:2-5 Alò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fète nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li. 2Paske yo t ap di: “Pa pandan fèt la, otreman sa kab fè pèp la fè twoub.”
3 # Luc 7:37-39 Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.
4Men kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a? 5Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.
6 Men Jésus te di: “Lese li. Poukisa nou ap twouble li? Li fè M yon bon zèv. 7Paske #Det 15:11malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan. 8Li fè sa li ta kapab. #Jn 19:40Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an. 9Anverite Mwen di nou: #Mat 26:13Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”
10 # Mat 26:14-16 Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm. 11Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
12 # Mat 26:17-19 Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
13Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li. 14Epi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la mande: ‘Kote chanm #Luc 22:11vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’ 15Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”
16Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
17 # Jn 13:18 Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
18Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”
19Yo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”
20Li te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan. 21Paske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
22 # Mc 10:16 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”
23Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24Konsa Li te di yo: “Sa se #Egz 24:8san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
26 # Mat 26:30 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
27 # Mat 26:31-35 Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswe a; paske sa ekri: #Za 13:7‘Mwen va frape bèje atè a, e mouton yo va gaye’.
28 “Men apre M fin leve, #Mat 28:16M ap prale devan nou Galilée.”
29Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”
30Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, #Mat 26:34nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan #Mc 14:68-72kòk la gen tan chante de fwa.”
31Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
32 # Mat 26:36-46 Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.”
33Li te #Mc 9:15pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble. 34Li te di yo: #Mat 26:38“Nanm Mwen gen yon tristès pwofon; jis nan pwen pou M mouri. Rete la e veye toujou.”
35Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou #Mat 26:45lè sa a ta kapab pase de Li. 36Li t ap di: #Wo 8:15“Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. #Mat 26:39Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”
37Li vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Simon, èske w ap dòmi? Èske ou pa t kapab rete veye pou yon sèl èdtan? 38#Mat 26:41Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè la fèb.”
39Konsa, yon lòt fwa Li te ale priye, e te di menm mo yo. 40Ankò, Li te vini e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Ni yo pa t konnen kisa pou yo ta di Li.
41Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “ Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. #Mc 14:35Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo. 42Leve! An ale nou! Gade, sila a ki trayi M nan parèt.”
43 # Mat 26:47-56 Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
44Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.” 45Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: #Mat 23:7“Mèt!”, e te bo Li.
46Yo te mete men sou Li e te sezi Li. 47Men yon sèten mesye nan sila ki te kanpe la yo te rale nepe li. Li te frape esklav a wo prèt la, e te koupe retire zòrèy li.
48Jésus te reponn e te di yo: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta kab kont yon vòlè? 49Chak jou Mwen te avèk nou #Mc 12:35 nan tanp la ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.” 50Konsa, yo tout te kouri kite Li.
51Yon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li, 52men li te rale kò l pou l kite dra a, e chape toutouni.
53 # Mat 26:57-68 Yo te mennen Jésus ale vè wo prèt la. Tout chèf prèt avèk ansyen yo, ak skrib yo te reyini ansanm.
54Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap #Mc 14:67chofe kò li bò kote dife a.
55Alò, chèf prèt yo avèk tout #Mat 5:22konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen. 56Paske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn. 57Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di: 58“Nou te tande Li di: #Mat 26:61‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’” 59Epi menm nan sa a, temwayaj yo pa t koresponn.
60Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
61Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. #Mat 26:63Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”
62Jésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè #Sòm 110:1 Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e #Dan 7:13vini avèk nwaj nan syèl yo.”
63Konsa, wo prèt la te #Nonb 14:6chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò? 64Nou tande #Lev 24:16blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?”
Konsa, yo tout te kondane Li, ke Li te merite lanmò. 65Epi kèk te kòmanse #Mat 26:67krache sou Li, e bat Li avèk kout pwen. Yo t ap di L: #Luc 22:64“Pwofetize!” Ofisye yo te fwape L ak kalòt nan figi.
66 # Mat 26:69-75 Pierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini. 67E lè l wè Pierre ki t ap #Mc 14:54chofe kò l, li byen gade l e te di: “Ou te la tou avèk Jésus, #Mc 1:24Nazareyen an.”
68Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.
69Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!” 70Men ankò, li t ap demanti sa a.
E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, #Mat 26:73paske ou menm osi se yon Galilyen.”
71Men li te kòmanse bay madichon e joure: “Mwen pa konnen nonm sila a ke n ap pale a.”
72Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan #Mc 14:30-68kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.

Currently Selected:

Marc 14: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in