YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 28

28
1 # Jn 20:1-8 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
2Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e #Luc 24:4yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule #Mat 27:66wòch akote a, e li te chita sou li. 3Li te #Dan 7:9parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
4Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
5Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: #Mc 14:27“Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6Li pa la, paske Li leve, #Mat 12:40menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” 7“Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nan#Mat 26:32Galilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
8Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
9Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.
Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L. 10Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di #Jn 20:17frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
11Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan #Mat 27:65,66gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14Si sa ta gen tan rive nan #Mat 27:2zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
15Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te #Mat 9:31gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
16Men onz disip yo te fè wout yo pou #Mat 26:32Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men #Mc 16:11kèk te doute.
18Jésus te vin pale avèk yo, e te di: #Dan 7:13“Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19Konsa, ale #Mat 15:32 fè disip a tout nasyon yo, epi #Trav 2:38batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, #Mat 18:20 Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”

Currently Selected:

Matthïeu 28: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in