YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 27

27
1Alò, lè maten #Mc 15:1vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò. 2Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a #Luc 3:1Pilate, gouvènè peyi a.
3Konsa, lè #Mat 26:14Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay #Mat 26:15trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”
Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? #Mat 27:24Okipe sa ou menm!”
5Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. #Mat 26:24Li te sòti, e te ale pann tèt li.
6Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.” 7Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo. 8#Trav 1:19Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.
9Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di:
# Za 11:12 “Yo te pran trant pyès ajan,
pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri;
ke kèk nan fis Israël te etabli,
10epi yo te bay yo pou #Za 11:13Chan Kanari a
jan Senyè a te dirije m nan.”
11 # Mc 15:2-5 Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”?
Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”
12Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, #Mat 26:63Li pa t reponn.
13Konsa, Pilate te di L: “Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?”
14 # Mat 27:12 Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.
15 # Jn 18:39 Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo. 16Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.
17Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus #Mat 1:16ke yo rele Kris la?” 18Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.
19 # Jn 19:13 Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”
20Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou #Trav 3:14mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.
21Men gouvènè a te reponn e te di yo: “Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?”
E yo te di: “Barabbas!”
22Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus #Mat 1:16ke yo rele Kris la?”
E yo te di: “Krisifye Li!”
23Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?”
Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”
24Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou #Det 21:6-8te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.
25Tout pèp la te reponn e te di: #Jos 2:19“Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”
26Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo #Mc 15:15bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.
27 # Mc 15:16-20 Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li. 28Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj. 29#Mc 15:17Epi lè yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: “Salitasyon, Wa a Jwif yo!” 30#Mat 26:67Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt.
31 # Mc 15:20 Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye. 32#Jn 19:17Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.
33 # Mc 15:22-32 Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La, 34#Sòm 69:21yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l. 35Answit lè yo te fin krisifye L, yo te #Sòm 22:18pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò. 36Epi konsa, yo te chita e te #Mat 27:54kòmanse veye L la. 37Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: #Mc 15:26 “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.
38Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li. 39Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap #Job 16:4souke tèt yo. 40Yo t ap di: #Mat 26:61“Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! #Mat 27:42Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”
41Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di: 42#Mc 15:31“Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li. 43#Sòm 22:8Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vlè L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
44Anplis, #Luc 23:3-9-43volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.
45 # Mc 15:33-41 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
46Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: #Sòm 22:1“Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
47Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”. 48#Sòm 69:21E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè. 49Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.
50Konsa, Jésus #Mc 15:37te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.
51 # Luc 23:47-49 Epi gade, #Egz 26:31vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. 52Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki #Trav 7:60t ap dòmi te vin leve. 53Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan #Mat 4:5vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.
54 # Mc 15:39 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”
55 # Mc 15:40 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L. 56Pami yo, te gen #Mat 28:1Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.
57 # Mc 15:42-47 Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus. 58Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus.
Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.
59Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp. 60Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon #Mat 27:66gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.
61Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.
62Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre #Mat 27:56preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate. 63Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: #Mat 16:21‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’ 64Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”
65Pilate te di yo: “Nou genyen #Mat 27:66gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”
66Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon #Dan 6:17so sou wòch la.

Currently Selected:

Matthïeu 27: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in