YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 21

21
1 # Mc 11:1-10 Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo, 2epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen. 3Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”
4 # Mc 11:7-10 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
5 # És 62:11 “Pale a fi Sion an,
Men gade, Wa ou ap vin kote ou,
dou, e monte sou yon bourik,
yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
6Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo. 7Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.
8Pifò nan foul la te #II Wa 9:13plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.
9Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! #Sòm 118:26Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana #Luc 2:14nan pi wo a!”
10Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: “Ki moun sa ye?” 11Epi foul la t ap di: “Sa se #Mat 21:26pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.
12 # Mc 11:15-18 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo. 13Li te di yo: “Li ekri: #És 56:7‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon #Jr 7:11twou kachèt pou vòlè!”
14Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e #Mat 4:23Li te geri yo.
15Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a #Mat 9:27Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil. 16Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li #Sòm 8:2‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?
17Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil #Mat 26:6Béthanie pou pase nwit lan.
18 # Mc 11:12-24 Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou. 19Li te wè yon sèl #Luc 13:6-9pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.
20Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”
21Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: #Mat 17:20Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22Epi #Mat 7:7tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”
23 # Mc 11:27-33 Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”
24Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo. 25Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?”
Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’ 26Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te #Mat 11:9yon pwofèt.”
27Yo te reponn Jésus. Yo te di: “Nou pa konnen”.
Li te reponn yo: “Ni Mwen menm p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.”
28 “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan #Mat 20:1chan rezen an.’”
29 “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.
30 “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale. 31Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?”
Yo te reponn: “Premye a”.
Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke #Luc 7:29,37kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm. 32Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men #Luc 3:12kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.
34 “Lè lè rekòlt la te rive, li te #Mat 22:3voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a. 35Konsa, kiltivatè yo te pran esklav li yo, te bat youn, te touye yon lòt, e yo te kalonnen twazyèm lan avèk kout wòch.
36 “Ankò li # Mat 22:4 te voye yon lòt ekip esklav pi gran pase premye yo, e yo fè yo menm bagay la.
37 “Men anfen, li te voye fis li a. Li te di: ‘Y ap respekte fis mwen an.’ 38Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’ 39Konsa, yo te pran li, voye li deyò chan an e yo te touye li.”
40 “Akoz sa, lè mèt teren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”
41Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li #Mat 8:11va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
42Jésus te di yo:
“Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo, # Sòm 118:22
‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a,
te devni wòch ang prensipal la.
Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”
43 “Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li. 44Epi #És 8:14,15sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”
45Lè chèf prèt ak Farizyen yo te tande parabòl Li yo, yo te konprann ke Li t ap pale de yo menm. 46Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te #Mat 21:26krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon #Mat 21:11pwofèt.

Currently Selected:

Matthïeu 21: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in