YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 20

20
1 “Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmaten pou anplwaye ouvriye pou # Mat 21:28,33 chan rezen li. 2Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
3 “Vè twazyèm lè, li te soti pou wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a. 4Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
5 “Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la. 6“Vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki tap kanpe. Li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
7 “Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’
“Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
8 “Lè #Lev 19:13aswè rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
9 “Lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye. 10Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye. 11Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a. 12Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk #Jon 4:8 chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
13 “Men li te reponn a youn nan yo: #Mat 22:12‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye? 14Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou. 15Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske #Det 15:9zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
16 “Konsa #Mat 19:30dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”
17 # Mc 10:32-34 Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo: 18“Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan #Mat 16:21ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. 19Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi #Mat 16:21nan twazyèm jou a, L ap leve.”
20 # Mc 10:35-45 Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.
21Li te di L: “Kisa ou vle?”
Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo #Mat 19:28kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”
22Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab #És 51:17-22bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?”
Yo te di Li: “Nou kapab”.
23Li te di yo: #Trav 12:2“Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te #Mat 25:34prepare li yo.”
24Konsa, lè dis yo te tande sa, yo te vin trè fache avèk de frè yo.
25 # Mat 20:25-28 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
26 “Li pa konsa pami nou, #Mat 2:11men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28Menm jan ke Fis a Lòm nan #Mat 26:28pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
29 # Mat 9:27-31 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
30Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, #Mat 9:27gen pitye pou nou, Fis a David la!”
31Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, #Mat 9:27Fis a David la”.
32Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
33Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
34Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

Currently Selected:

Matthïeu 20: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in