YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 19

19
1Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou #Mc 10:1-12ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. 2Gran foul yo te swiv Li, e #Mat 4:23Li te geri yo la.
3Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: #Mat 5:31“Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”
4Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li #Jen 1:27ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5ke: #Jen 2:24‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
7Yo te mande L: “Ebyen, #Det 24:1-4poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”
8Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9Mwen di nou: #Mat 5:32 Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
10Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”
11Men Li te di yo: #I Kor 7:7“Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”
13Apre sa, #Mc 10:13-16yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.
14Konsa, Jésus te di: #Mat 18:3“Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. 15Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.
16 # Luc 10:25-28 Konsa, youn moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”
17Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men #Lev 18:5si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
18Li te mande Li: “Kilès nan yo?”
Jésus te reponn li: #Egz 20:13-16“Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19#Egz 20:12Onore papa ou avèk manman ou, epi #Lev 19:18renmen pwochen ou tankou tèt ou.”
20Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”
21Jésus te di l: “Si ou vle pafè, #Luc 12:33 ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: #Mat 13:22 Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24Ankò, Mwen di nou: #Mc 10:25Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
25Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
26Jésus te byen gade yo, e te di: #Jen 18:14“Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
27Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”
28Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm #Luc 22:30tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
29 # Mat 6:33 “Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. 30#Mat 20:16Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”

Currently Selected:

Matthïeu 19: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in